Jounen jodi mèkredi 10 me 2023, lapolis mete anba kòd ansyen prezidan nan legliz Episkopal Dayiti, pè Fritz Désiré, aprè yo te fin mete manda rechèch dèyè li nan dat 9 avril 2023, pou rezon trafik zam ilegal ak minisyon ilegal.
«Mwen te okouran Lapolis mete yon manda dèyè mwen, men mwen t ap tann pou m pale devan yon jij Enstriksyon», selon deklarasyon pè Fritz Désiré nan odisyon Lapolis.
Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te mete manda rechèch dèyè 3 prezime koupab, kòmkwa yo t ap itilize franchiz enstitisyon legliz Episkopal Dayiti pou antre zam ilegal ak minisyon ilegal sou non li, tankou pè Fritz Désiré, Zimbabweyen Vundla Sikhumbuzo epi Jean Mardoché Vil.
Pou kounya, pè Fritz fèmen nan komisarya Vivy Mitchell, nan Komin Petyonvil pou rete tann tout suivi lajistis Ayisyen an.
Sou lòtbò, nan yon kominike pou laprès legliz Episkopal Dayiti te mete deyò ayè madi 9 me 2023, yo anonse yo fòme yon nouvo komite pèmanan «Comité Permanent ad hoc», pou pran tèt direksyon legliz sila aprè tout eskandal kote non legliz Episkopal Dayiti te enplike nan vann zam ilegal ak minisyon ilegal.
Selon kominike sila, komite sa rive fòme apati 6 nouvo figi ki se Jean Jeannot Joseph (Prezidan), pè Irnel Duveaux ( Vis prezidan),
Omana Pierre ( Secretè), Jackson Laguerre (manm), Charles Myrthil (Manm) epi Hedruche Pierre(Manm).
Omwen 54% moun te valide desizyon pou mete kanpe yon nouvo komite pèmanan nan tèt legliz Episkopal Dayiti ki pral gen pou misyon travay avèk otorite etatik epi favorize pi bon relasyon anndan kominote eklezyastik.
«Kominike sila gentan rive jwenn Ministè afè etranje ak kilt pou yon apwobasyon nan dat 8 me 2023. Kote yo te pral rive bay akseptasyon favorab avèk yo», selon sa ki ekri nan kominike legliz Episkopal Dayiti a.
N ap raple depi an jiyè 2022, non legliz Episkopal Dayiti te site nan yon veritab eskandal akoz yo te itilize franchiz enstitisyon an pou antre zam ilegal ak minisyon ilegal an Ayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023