Ajan ekzekitif enterimè nan lokalite lyankou a, Ducarmel Mercy gen yon manda pou lapolis mete men sou li. Lajistis nan vil Senmak tanmen pousuiv responsab la akòz li ta gen lyen ak prezime bandi savyen yo.
Aprè majistra a te finn deside pa ale nan konvokasyon tribinal la te fè l nan mwa janvye pase a aprè lanmò 6 polisye yo, fwa sa yo mete manda dèyè responsab la. Yo akize Ducarmel dèske l ta nan move zafè epi l ta gen lyen ak gang savyen yo.
N ap raple majistra a te demanti nan yon entèvansyon l te fè nan jounal Premye Okazyon, sou Radyo Karayib, tout akizasyon ki ta fè kwè l nan relasyon ak chèf gang savyen an, “Luckson”.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023