Aprè yo finn fèmen liy ayeryen yo a otorite dominikèn yo montre yo pa deside vyole desizyon yo pran yo, se sa k fè jodi madi 5 mas 2024 la menm, yo rive anpeche yon avyon ki t ap pote premye minis, Ariel Henry, ateri sou sòl yo a. Selon Listín Diario, avyon PM nan te ladan l lan te sòti nan ayewopò Teterboro nan New Jersey.
“Selon enfòmasyon nou genyen yo, lè avyon an te nan espas ayeryen peyi a, li te mande otorite yo otorizasyon pou l ateri”, sa sa jounal la di. Yon otorizasyon ki pa t rive bay paske chèf aviyasyon yo mete yo ansanm pou te fè aparèy la kase tèt tounen.
Pou kounya, selon Vwadlamerik (VOA-kreyòl), chèf gouvènman ayisyen an te blije al ateri nan peyi Pòtoriko, puiske Sendomeng vire do ba li nan moman l plis bezwen antre an Ayiti a la. Sepandan, pòtpawòl konsèy nasyonal Sekirite Mezon blanch la, John Kirby di nan moman sa menm Etazini pa konnen ki kote Premye Minis ayisyen an ye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024