Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Anviwon 15 000 moun kouri kite lakay yo pandan moman vyolans la nan peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
March 5, 2024
in Société
0
Anviwon 15 000 moun kouri kite lakay yo pandan moman vyolans la nan peyi a

Sitiyasyon vyolans an Ayiti a fè gen anviwon 15 000 moun ki kite lakay yo nan dènyè jou sa yo. Se selon deklarasyon pòt pawòl Òganizasyon Nasyonzini an, Stéphane Dujarric fè jounen madi 5 mas 2024 la.

Fas avèk sitiyasyon sila, sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyonzini an, Antonio Guerres mande jodi madi a avèk tout manm yo, yon aksyon ijan nan objektif pou deplwaye yon fòs polis entènasyonal nan peyi Karayib la, puiske sitiyasyon an ap deteryore epi agrave depi ane pase. Anplis, gouvènman Ayisyen nan bò pa l te deja dekrete yon kouvre fe sou peyi a, selon rapèl pòt pawòl la.

Pandanstan, bandi pa sispann kreye panik ak boule komisarya nan peyi a, kidonk vini yon fòs miltinasyon se kapab mwayen pou kanpe vag ensekirite k ap tanmen an la.

«Li vrèman ijan pou nou bay finansman nesesè avèk misyon sila, ki pral gen divès peyi an Afrik ak lòt ankò tankou Ben, Tchad, Bahamas, Jamayik epi Antigwa ak Babouda, men ki pral kòmande sou lòd Kenya nan tèt li», selon avanse Stéphane Dujarric.

Diplis, Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyonzini an prevwa mèkredi k ap vini la yon seyans ekstrawòdinè ak fèmen pou diskite sou sitiyasyon Ayiti, ki pral gen ladan l reprezantan espesyal Ayiti a, María Isabel Salvador, ki pral gen pou l pale.

Konsènan tout sa k ap di, pou ta konnen kote premye minis Ariel Henry twouve l nan moman an, puiske l te ale nan kapital Naywobi (Kenya) e l poko ka tounen, pòt pawòl la di “m pa te konn kote l te ye ni te twouve l te kache, men li pral rankontre avèk Antonio Guterres nan yon vizit. Li Nouyòk pou kounya, toujou selon pòt pawòl ONU an”, se sa l te di jouskaske VOA Kreyòl fè konnen se Pòtoriko chèf gouvènman an ye.

“Sitiyasyon Ayiti a pral dejenere anviwon 5.5 milyon endividi, mwatye nan popilasyon a pral bezwen èd imanitè”, se sa l di pou fini pandan l anonse ONU pral bay 2.5% nan sa li genyen, Yon èd ijans ki ka evalye avèk 17 milyon dola vèt.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 450
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Otorite dominikèn yo fè avyon ki te pote Ariel Henry a kase tèt tounen

Next Post

Polisye kenyan yo kapab deplwaye an ayiti nan 72è tan

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Polisye kenyan yo kapab deplwaye an ayiti nan 72è tan

Polisye kenyan yo kapab deplwaye an ayiti nan 72è tan

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,382)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,885)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,993)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,789)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?