Chèf gang Jimmy Chérisier alyas Babekyou te pran beton an jou kite vandredi 16 septanm lan, nan tèt yon gwo manifestasyon nan zòn li kontwole yo, epi deklare l ap kore lit pèp la kont ensekirite, lavi chè, pri gaz la ak chomaj. Premye minis defakto a Ariel Henry te tou pwofite sòti yon nòt pou l fè konnen se nèg ak zam k ap manifeste nan lari a epi pwofite regle koze pa yo.
Nan yon nòt laprimati sòti yè lendi 19 septanm lan, Ariel Henry fè deklare: “tout moun te ka wè se nèg ak gwo zam fann fwa, manch long, ki te nan tèt anpil manifestasyon. Se yon lòt prèv anplis ke se pa zafè gaz, ni zafè lavi chè ki t ap regle. Se lòt bagay”. Sa vle di pou premye minis lan pa gen lavi chè vre ak ensekirite, epi lè li deside monte gaz la men wotè sa paka deranje paske popilasyon an gen ase mwayen nan men l pou l jere sa.
Selon avi plizyè direktè opinyon ak ekspè k ap defann dwa moun se yon montaj ki fèt ant gouvènman an ak gwoup gang G9 la, yon fason pou yo fè divèsyon epi kreye konfizyon nan mitan moun serye k ap manifeste yo ak entènasyonal la.
Daprè Pierre Espérance ki se #1 òganizasyon k ap defann dwa moun RNDDH, Jimmy « Barbecue » Cherizier te resevwa anpil lajan nan men gouvènman defakto a pou l te fè bandi ak zam pran lari tou ak bann rara, yon fason pou pran pòz se yo k ap dirije mouvman nan lari a. Li mande pou gwoup k ap manifeste yo pran distans ak bandi sa yo epi kontinye mobilizasyon an pou defann dwa yo ak sa ki fè yo mal. Li mande tou pou yo kite yon “koulwa imanitè” pou bay anbilans ak èd yo pase pou moun ki nan bezwen.
Tout moun te ka remake se vil pwovens yo tankou Gonayiv, Tigwav, Okay, Okap, Miragwann, Leyogan ki te leve kanpe avan pou rele anmwey kont ensekirite ak mizè menm avan gouvènman an te anonse li pral monte pri gaz la. Se jis aprè moun k ap viv nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan te kòmanse souke kò yo tou.
Pa bliye rejim ki sou pouvwa a te toujou vle pou yon fòs militè etranje vini an Ayiti pou tabli sekirite, men yo pa janm fè yon efò serye pou bay lapolis ak lame bon jan materyèl pou batay ak bandi. Fòk nou sonje tou regwoupman bandi “G9 an fanmi e alye” te toujou gen bon jan relasyon ak rejim Tèt Kale a menm si te gen ti bat bouch aprè yo finn touye Jovenel Moise la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022