Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Ofisyèlman Konpa ayisyen an nan kous pou antre nan patrimwàn kiltirèl imateryèl nan UNESCO

Mag Haiti by Mag Haiti
March 27, 2024
in Société
0
Ofisyèlman Konpa ayisyen an nan kous pou antre nan patrimwàn kiltirèl imateryèl nan UNESCO

Nan yon kominike yo pibliye jodi mèkredi 27 mas 2024 la, ambasadè ak delege peyi d Ayiti nan UNESCO a, Dominique Dupuy enskri Konpa ayisyen an pou antre nan patrimwàn kiltirèl imateryèl imanite. Nan kad kandidati sa a, delege a eksprime kè kontan l pou fason li jwenn kout men pandan plizyè mwa pou te rive nan faz sa a.

«Ekselans Madam Dominique Dupuy soumèt ofisyèlman kandidati Konpa | _Compas d’Haïti_ pou enskri l sou lis reprezantatif nan patrimwàn kiltirèl imateryèl imanite», daprè sa yo fè konnen nan kominike sa a pandan yo pa bliye remèsye tout aktè nan sektè kiltirèl la ak tout lòt enstitisyon ki te kontribye nan demach sa a.

Nan menm sans sa a, ministè kominikasyon bò kote pa l raple Konpa se idantite tout ayisyen keseswa sou plan nasyonal oubyen entènasyonal se pou sa yo di: «Dans ak mizik Konpa senbolize idantite n e yo patisipe nan fè moun pale sou nou nan entènasyonal la sou plan kiltirèl. Pratik sa a li enskri nan rejis Nasyonal Patrimwàn Kiltirèl Imateryèl Ayiti, depi 21 oktòb 2019 e li selebre an Ayiti 26 jiyè, atravè jounen nasyonal Konpa dirèk».

Pou kounye a, enstriksyon sa a ki fèt an favè Konpa ayisyen an se twazyèm koze Ayiti mande pou mete nan patrimwàn kiltirèl yo depi lè konvansyon sa te siyen nan lane 2003. Soup joumoun avèk kasav se 2 pwodui ayisyen yo rekonèt deja kòm patrimwàn kiltirèl ayisyen nan je mond lan.

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 732
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Régine Abraham pran plas René Jean Jumeau a nan Konsèy Tranzisyon an

Next Post

Ansyen palmantè Cholzer Chancy jwenn liberasyon l jodi mèkredi 27 mas la

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Ansyen palmantè Cholzer Chancy jwenn liberasyon l jodi mèkredi 27 mas la

Ansyen palmantè Cholzer Chancy jwenn liberasyon l jodi mèkredi 27 mas la

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,944)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,784)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,841)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,673)

Nouveaux Articles

  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti
  • Plizyè sendikalis reyaji sou dosye rate gaz yo prevwa nan peyi a

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?