Ayè Lendi 3 Oktòb 2022 a, plizyè pwotestatè kont premye minis defakto Ariel Henry ta malmennen yon polisye ki t ap eseye travèse yon barikad nan lokalite Chalon, presizeman Miragwann (Depatman Nip), selon Radyo Karayib. Nan menm moman an, yon militan ta pran bal san li pa rive idantifye moun ki tire a selon menm sous la.
Nan moman te gen yon bouch pa gou ant polisye avèk pwotestatè yo, se konsa yon grenn katouch te pati nan zam polisye a selon Radyo Karayib, sak te lakoz yon moun pran bal nan vant li.
Se apati sa pwotestatè yo te reyaji pou metrize polisye a, yo te rive mare li avèk yon kòd epi ba li anpil kou. Apre sa, kèk lòt pwotestatè epi lòt ajan lapolis te vin pote li sekou anba men moun sa yo.
Kèk minit aprè, plizyè lòt polisye retounen nan espas la pou yo vin vanje ak mete dife nan kay ak machin epi bat kèk lòt pwotestatè tou.
Mouvman pwotestasyon kont premye minis Ariel Henry pa sispann nan plizyè vil ak kapital nan peyi a, sak lakoz plizyè viktim epi arestasyon deja. Pandan tan sa, popilasyon an pa deside kanpe sou revandikasyon li yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post