Aprè yo te touye 6 polisye nan batiman sa jedi 29 fevriye ki sot pase a, gwoup ame nan Kanaran yo rive kraze komisarya Bon Repo a nan lannuit dimanch 7 avril 2024 la. Nan divès videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, endividi yo montre divès materyèl yo te pote pou te fè zak sa a.
«Depi 29 fevriye a se yon komisarya ki te abandone, kounya nèg Jeff Kanaran yo kraze l puiske pa t gen anyen ki te pran kòm mezi pou te pwoteje l», daprè konfimasyon kowòdonatè Sendika Nasyonal Lapolis la (SYNAPOHA), Lionel Lazarre bay Mag Haïti maten lendi 8 avril la.
N ap fè konnen, sou komisarya sa ki kraze a se dezyèm lokal endividi ame yo detwi aprè yo te fin kraze sa a ki twouve l nan Dèlma 3 a. Mete sou sa a, sòti mwa fevriye a pou rive fen mwa mas la se anviwon 15 batiman lapolis bandi ak zam boule.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024