Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Nèg ak zam gen anviwon 13 pòs k ap ranmase lajan nan men moun anndan peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
April 11, 2024
in Société
0
Nèg ak zam gen anviwon 13 pòs k ap ranmase lajan nan men moun anndan peyi a

Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa moun yo (RNDDH), nan yon rapò yo sòti ayè mèkredi 10 avril 2024 la, deklare bandi ak zam mete pou pi piti 13 pòs pou pran lajan nan men moun anndan peyi a. Selon detay yo bay yo, nan Pòtoprens la sèlman kèlkeswa chofè k ap pran wout Sid la pou rive Fontamara li gen 3 pòs pou l peye pasaj.

Si selon Òganizasyon Nasyonzini (ONU), gang yo okipe 90% teritwa ayisyen an, Kounya la avèk enstalasyon pòs peyaj yo nan plizyè zòn, endividi ak zam yo kontinye montre fòs yo nan simen latwoublay tout fason. Se sa ki fè avèk nouvo chif RNDDH yo, yo fè konprann pou moman sa a, yo menm nan tèt kole ak Sendika Mouvman Inifye Transpòtè Ayisyen yo (MUTH) resanse gen pou pi piti 13 pòs kon sa a nan peyi a.

Pou Pòtoprens la, responsab yo di gen 3 pòs peyaj ki enstale. Gen youn nan Riyèl Alèt tou pre simityè Pòtoprens, youn Matisan e lòt la nan zòn Fontamara. Anndan komin Site Solèy se menm bagay la, yon pòs twouve l nan wout pou sòti nan Tèminal Vare a, youn chita kò l nan Lasalin, epi lòt la yo mete l nan zòn Douya, daprè eksplikasyon enstans dwa moun nan.

Sou wout Nasyonal nimewo 1 an li menm, yo soulinye nèg ak zam yo mete 2 pòs, premye a se nan wout ki ant Titanyen ak Senmak la, tandiske lòt la nan zòn Gonayiv. Pou wout Nasyonal nimewo 2 a, pòs pa l yo mete nan zòn Paloma (tou pre simityè Kafou a), ak Maryani.

Onavil 12 ki twouve l sou wout Nasyonal nimewo 3 a genyen yon pòs pou bandi pran lajan. Pou fini, yo presize genyen 2 pòs tou yo resanse sou Wout Nasyonal nimewo 5 ak 8 la, kafou pou peye yo twouve yo espesyalman ant Gwo Mòn ak Pòdepè, epi sou wout Kalvè a nan Kwadèboukè.

Se yon sitiyasyon jouskaprezan ki pèmèt nonsèlman moun paka sikile gratis nan peyi a, men tou ki rann lajan transpò yo monte pi plis. Alòske sitiyasyon ekonomik chofè yo, yo menm, vin pi mal. Li pi mal puiske lajan yo touche yo, yo fin bay yo nan divès pòs bandi yo pase, si n kwè pawòl yo konn ap deklare depi avan sa a nan mikwo laprès.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 446
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Ensekirite: Peyi Brezil retire 7 nan sitwayen li yo ak yon Alman nan peyi d Ayiti

Next Post

Edikasyon: MENFP di l ap ka siveye sant egzamen nan zòn ki difisil yo

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Edikasyon: MENFP di l ap ka siveye sant egzamen nan zòn ki difisil yo

Edikasyon: MENFP di l ap ka siveye sant egzamen nan zòn ki difisil yo

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,724)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,980)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,139)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,900)

Nouveaux Articles

  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan
  • Sanction du Barreau : Me Caleb Jean-Baptiste dénonce une mesure illégale et arbitraire
  • Corruption au MJSAC : un rapport d’ECC épingle la ministre Niola Sarah Devalis Octavius

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?