Moun yo pa rive idantifye asasinen ayè mèkredi 8 mas 2023 a nan Pèleren, yon pastè ki pote non Jean Robert. Selon kèk medya lokal, dirijan relijye a viktim kèk jou aprè yon pwòch li te tonbe anba bal bandi.
Nèg ak zam pa sispann fè zak malonèt nan zòn tou pre komin Petyonvil yo, konsa ayè aprèmidi 8 mas la, pastè Jean Robert rive tonbe anba bal bandi ki t ap sikile sou moto nan Pèleren.
Selon detay ki ta disponib, viktim lan t ap dirije legliz Mission Pentecôte Lumière de la Sainteté ak tout yon lekòl nan Laboul 10. Daprè kèk moun, chofè pastè a li menm tou te rive mouri pa twò lontan douvan pòt legliz la.
N ap raple zòn pi wo Petyonvil yo tounen zòn wouj, kote fiziyad, kidnapin ak lòt zak vyolans pa sispann fèt. Pa twò lontan prezime bandi te menm rive mete dife nan komisarya Loten an(Fòjak tou pre Fèmat).
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post