Janee Castel ki se youn nan chofè Direktè Jeneral Aryopò Nasyonal la (AAN), Yves Ducarmel François, tonbe anba bal ayè madi 21 mas 2023 a, sou wout Dèlma 75 lan.
Janee Castel mouri anndan machin li, presizeman sou wout Katalpa. Gen plizyè imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo, kote l ap benyen nan san li.
Ensekirite a kontinye ap fè chimen li pi plis chak jou nan sosyete a, se plis moun k ap viktim. Anplis, zak kidnapin k ap taye banda nan tout rakwen peyi a.
Lòt enfòmasyon ta fè konnen gen yon ajan sekirite ki ta blese pandan atak prezime asasen yo fè sou machin chofè Yves Ducarmel François. Kèk moun ta kouri avèk li Lopital.
N ap raple nan yon konferans Pòt pawòl wo komisè Nasyonzini an Marta Hurtado te bay ayè madi a, li te fè konnen genyen pou pi piti 208 moun ki mouri an Ayiti akoz gang ame.
«Sòti Janvye pou rive 15 mas, gen anviwon 531 moun ki mouri, 300 moun blese epi 277 zak kidnapin kote majorite fèt nan kapital Ayiti an», selon dènyè Rapò Òganizasyon Nasyonzini an (ONU) sou ensekirite an Ayiti an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023