Nan rapò 4 ekspè Nasyonzini te sòti nan jou pase yo, yo fè konnen Romel Bell ak Patrick Noramé ki se 2 ansyen direktè ladwán ak Biwo Monetizasyon Pwogram Èd ak Devlopman patisipe nan komèt vye zak nan peyi a. Pami zak malonèt sa yo eskpè yo site fwod fiskal, gwo tranzaksyon bankè, detounman lajan, blanchiman lajan ak anpil lòt enfraksyon ki montre a klè yo te konn pran nan lajan Leta.
Nan kesyon kòripsyon, espesyalis yo fè konprann ansyen direktè ladwàn nan sòti nan lane 2018 pou rive nan 2022, Romel Bell te ankouraje epi kache sistèm kowonpi k ap jere pwosesis dwán nan peyi Dayiti. Yo lonje dwèt sou li pou di se li menm menm ki te dakò trafik zam ilegal fèt sou fwontyè a, yon aksyon selon yo menm lakòz dwòg ak machandiz ilegal antre lib libè sou teritwa peyi a, e se menm zak kòripsyon ak trafik zam sa yo tou ki lage peyi a nan ensekirite li ye jounen jodi a.
Se nan menm sans sa, yo raple ansyen direktè jeneral ladwàn nan gentan jwenn sanksyon nan men peyi Etazini kote yo entèdi l mete pye lakay yo, e menm pran lajan li gen nan bank ameriken yo. Mete sou sa, Romel Bell menm jan ak anpil lòt otorite ki mele nan zafè detounman lajan nan peyi a pa ta dwe kite peyi a paske gen ankèt k ap mennen sou yo.
Yon lòt kote, espesyalis yo raple menm jan rapò Inite Lit Kont Kòripsyon(ULCC) te fè konnen l jou ki te vandredi 3 mas 2023 a, ansyen fonksyonè leta a te fè yon fo deklarasyon patrimwàn pou l te ka kache kantite lajan li konn ap retire pou zafè pèsonel li nan fon dwanye yo. Yo soulinye tou, li menm ak kèk ajan dwanye te responsab aktivite kriminèl kap fèt nan dwàn nan.
Konsa, sòti 2012 lè l t ap travay nan ayopò a pou rive 2018 lè l te vinn direktè jeneral ladwàn, yo di Bell te konn touche ant 1 241 160 goud ak 1 327 140 goud, yon kantite lajan ki depase lajan l konn abitye touche ak tout avantaj li te konn ap resevwa. Padan tout tan li fè nan pòs sa yo, eskpè yo soulinye li te rive ranmase anpil lajan li pa menm ka bay kote l jwenn yo menm. E yo di tou, li te menm voye plizyè fwa jou aprè jou kèk gwo lajan bay yon lekòl ki nan peyi etranje.
Men kijan lajan sa yo te bay; nan yon premye tan li te voye 28 050, 00 dola, aprèsa li bay 21 750, 00 dola, epi 8 229, 25 dola, epi li voye 15 000 dola ameriken an dènye. Tout lajan sa yo Bell poko janm ka di kibò l jwenn yo selon ajan ONU yo, e yo peze sou sa pou di li paka deklare nonplis latriye byen, kay, machinn ak gwo enterè li te gen nan yon sosyete li tap dirije.
Paralèlman nan menm dosye moun ki dilapide lajan Leta yo, eskpè yo fè konprann Patrick Noramé ki li menm se ansyen direktè Biwo Monetizasyon Pwogram Èd ak Devlopman (BMPAD) detounen plis pase 124 milyon goud ki bay anviwon 2 milyon dola vèt nan vann diri ki ilegal, paske diri sa se te yon èd imanitè òganizasyon “Japan international cooperation services” te voye nan lane 2016 nan kad pou te ede peyi Dayiti.
Patrick Noramé detounen tout lajan sa pandan resèt ki fèt sou vann diri a te dwe sèvi pou redwi defisi ki te gen nan pwodui sila a sou mache a. Nan mwa mas 2023, pakè Pòtoprens te lanse yon manda kont Noramé pou blanchiman lajan, ak detounman fon piblik.
Lajan sa li te pran sou diri peyi Japon te bay kòm èd la te vinn lakòz peyi azyatik la te vinn sispann tout èd bilateral li yo ak Ayiti sof èd imanitè an ijans yo te rive kenbe. Se yon dezisyon yo te pran pou jouskaske gouvènman ayisyen an li menm ta pran dispozisyon pou jwenn yon solisyon ak dosye a, toujou daprè sa rapò a soulinye.
Detounman fon piblik ak malvèsasyon se krim puiske jounen jodi a zak sa yo rive fè anpil viktim epi kraze peyi an plis toujou. Eskpè yo mansyone lajan sa yo ki gaspiye a, te ka pèmèt peyi a sove lavi plis moun ki nan grangou, kreye travay, anpeche timoun yo viv pou afè pa bon nan lari a, epi l t ap finanse ledikasyon nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023