Nan yon nòt yo sòti ayè mèkredi 13 mas 2024 la, Nasyonzini anonse y ap mete anplas yon pon ayeryen sòti Repiblik Dominikèn pou rive Ayiti. Daprè sa yo fè konnen, objektif transpò ayeryen sa se pou kabap pèmèt yo antre Ayiti ak èd imanitè yo pi fasil epi pèmèt pèsonèl yo gen nan peyi a travay pi fasil.
“Nasyonzini aktyèlman ap tabli yon pon ayeryen ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Pon ayeryen sa ap fasilite sikilasyon èd imanitè yo, ak soutyen pou Ayiti, e l ap ede n asire tou divès mouvman pèsonèl nou ki anndan ak deyò peyi a“, se sa yo fè konnen kote yo di ekip ONU yo nan peyi a e yo deja prè pou pote èd yo nan sitiyasyon peyi a ye a.
Mete sou sa, yo fè konnen ONU li menm gentan bay otorizasyon pou gen yon pati nan moun k ap travay pou yo a enstale yo anndan peyi a. Sepandan, yo fè konprann malgre prezans moun sa yo, gen lòt moun toujou k ap vin ranfòse ekip yo genyen sou teren an deja.
Boutofen, yo mete aksan sou sekirite pèsonèl yo a yo di ki enpòtan pou yo, se sa k fè y ap analize divès mwayen pou yo kontinye ede yo. Pandantan sa, yo fè kwè y ap pran mezi tou ki adapte ak evolisyon sitiyasyon sekiritè peyi Dayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024