Danaïca Duplan se non etidyan nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik nan Gonayiv (EDSEG), ki rive pann tèt li ayè lendi 5 jen 2023 a, anndan lakay li Klèsin 12. Viktim lan se te manm plizyè estrikti òganizasyon, presizeman Rezo Nasyonal Gwoup Sangen Resis Negatif (RENAGSANG), selon sa yon pwòch li di Mag Haïti. Avan li poze aksyon sa ki mete tristès lakay anpil moun, li te ekri yon lèt pou fanmi l.
“M dezole pou sa, se pa t sa m te janm swete, men aprè sa ki fin rive yo, m pap ka kontinye gade nou nan je“, se sa Danaïca Duplan ekri nan yon lèt kote li esplike se paske mennaj li mete fen nan relasyon li te genyen ak li ki ta fè li pran desizyon sa.
“Moun mwen te di m ap vinn prezante nou an deside mete fen nan relasyon m ak li. Rezon yo nou petèt pap janm konnen yo, men m vle nou konnen, m te viv anpil bèl moman ak li e mwen te renmen l tou”, nan sa ki ekri nan lèt la.
Yon lanmò trajik ki rive sekwe tout rezo sosyal yo. Viktim lan fèt 18 desanm 1997. Li se etidyan finisan nan syans jiridik nan inivèsite Leta Dayiti, presizeman EDSEG (Pwomosyon 2019-2023), ansyen etidyan Jounalis Enstiti Frankofòn Jounalis (IFJ) epi pwofesè nan klas 7èm pou rive NSIII.
Danaïca Duplan te saj ak janti epi rezève sslon sa anpil moun di, poutan li te pral touye tèt li anndan chanm lakay li avèk yon sentiwon nan kou li ayè lendi 5 jen an, aprè li te fin ekri yon lèt kite pou fanmi li nan anviwon 11è maten.
N ap raple pa gen twò lontan, Karl- Ludson Azor, te pral mete dife sou li nan vil Okap, presizeman sou plas Vètyè, nan dat 22 me 2023 a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023