2 atanta ki te rive fèt nan jounen mèkredi 4 janvye 2023, nan peyi Somali, lakoz lanmò anviwon 19 moun selon yon kòmandan Somalyen.
Mohamed Moalin Adan kise yon kòmandan Somalyen ki fè pati yon milis rapòte bay Ajans Frans Près (AFP) : «Genyen anviwon 19 moun ki mouri nan kè Somali, patikilyèman nan pwovens Iran ki nan anviwon 300 kilomèt kapital la, ki se Mogadisyo, kote depi plizyè mwa genyen atak k ap mennen kont ”Shebab” yo la.»
Nan atak mèkredi a genyen plizyè manm fòs sekirite teritwa ki mouri. Yon lòt kote genyen anviwon 500 moun ki sòti blese nan eksplozyon yo. ”Shebab” yo revandike atak la epi fè konnen yo te vize baz militè ki nan lokalite Maha yo, toujou selon sa Ajans Frans Près fè konnen.
Anplis, teworis yo sote 2 machin ak bonb touprè yon baz militè, malgre kriminèl yo ap pèdi teritwa, nouvo atak sila montre yo gen kapasite toujou pou yo fè viktim atravè atak y ap mennen an.
Paralèlman, prezidan peyi Somali an anonse l ap prepare yon nouvo kontenjan militè nan tout wout Eritre ki pral gen pou depwlaye nan lide pou yo mennen yon operasyon kont ”Shebab” yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023