Nan adrès ak Nasyon an yè mèkredi 20 Jiyè 2022, nan okazyon ki te make premye lane li nan tèt pouvwa egzekitif la, premye minis defakto Ariel Henry te enfòme popilasyon an li anvizaje ogmante pri gaz yo pwogresivman.
Selon Premye minis defakto Ariel Henry : ” desizyon sa te pran nan objektif pou kontinye enpòte gaz la ak rann li disponib an pèmanans”.
Alòske popilasyon an pa sispann fè fas ak lamizè pi plis chak jou, kote pouvwa lajan li ap diminye tanzantan nan peyi a, poutan gouvènman an plas la anonse yon lòt fwa ankò li pral ogmante pri gaz yo : ” M vle rann omaj ak pèp Ayisyen an ki fè prèv entèlijans ak matirite epi konprann, gouvènman mwen an te nan obligasyon pou l diminye tout sibvansyon petwòl yo parapò ak ogmantasyon yo sou mache mondyal la, se menm efò sa nou pral mande nou ankò ki se ogmante gaz la pwogresivman“.
Kidonk premye minis defakto Ariel Henry anvizaje yon evantyèl ogmantasyon gaz la nan jou k ap vini yo, sa ki pral penmèt Leta Santral enpòte li epi rann li disponib an pèmanans.
Nan dènyè jou sa yo, nou te konnen yon ratman gaz san parèy. Konpayi “Terminal Varreux” ki se pi gran konpayi estokaj nan peyi a te kanpe akoz afwontman gang yo nan Site Solèy, kote nou pa te atann ak sa yo. Poutan, moun yo t ap chèche nan tout rakwen kote pou yo te jwenn gaz pou yo itilize nan machin yo ak lòt ankò.
Li pi fasil pou w achte gaz nan lari pase nan estasyon sèvis gaz yo, kote pri yo souvan triple, selon deklarasyon yon chofè moto te bay ak medya anliy Gazette.
Britsoukou pri kous machin yo te ogmante nan peyi a, sa ki te lage yon move bat bouch ant chofè yo ak pasajè yo, selon sa medya Le Nouvelliste rapòte.
Sitiyasyon sa te deklanche semenn ki sot pase a plizyè mouvman pwotestasyon nan divès zonn Metwopolitenn Pòtoprens lan, barikad ak kawoutchou pa te sispann boule epi kout wòch yo pa te sispann tire nan plizyè zonn. Anplis moun yo pa te sispann sòti pawòl piman bouk kont premye minis defakto Ariel Henry.
Dènyè ogmantasyon gaz gouvènman Ariel Henry an te fèt an Desanm 2021 nan peyi a, presizeman se te 10 Desanm 2021 nan maten, kote pri gazolin lan te pase 201 ak 250 goud, Dyezèl la te pase 179 goud ak 353 goud nan ponp epi Kewozenn nan te sòti nan 163 goud pou rive ak 352 goud.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022