Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

Ministè lajistis mande pou komisè Muscadin sispann ak vye zak ilegal li yo

Mag Haiti by Mag Haiti
December 18, 2023
in Justice
0
Ministè lajistis mande pou komisè Muscadin sispann ak vye zak ilegal li yo

Nan yon lèt Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik (MJSP) voye bay Komisè Ernest Muscadin ki pibliye ayè dimanch 17 desanm 2023 a, yo rive kritike divès zak komisè a konn fè nan Miragwàn ak lòt kote. Konsa, minis Emmelie Prophète ki siyen lèt sa raple Muscadin plas li okipe a pap janm ka fè l pi wo pase lalwa peyi a.

Nan lèt sa, nimewo 1 nan ministè lajistis la pa mete dlo nan bouch li pou repwoche Komisè gouvènman(CG) Miragwàn nan nan fason l ap aji yo. Se pou sa, yo estime gen nan aksyon li konn poze yo se bagay ki ilegal yo konn ye, e ki pa gen anyen pou wè ak jan l ta dwe travay pou benefis moun ki dwe jije yo.

“Pase pou w ta fè travay ou ki se aji nan benefis jistisyab yo, ou menm ou pito bay tèt ou lòt misyon e sanble ou menm tabli pwòp règ ak pwòp prensip ou. Ou menm pèmèt pou kèk endividi bloke sikilasyon sou non w sou baz pawòl san fondman, sa nou pap pran l ditou nan men yon moun lalwa alevwa pou yon komisè gouvènman“, daprè sa nòt la di.

Pi lwen, enstitisyon jidisyè a revele yo jwenn anpil plent kont Muscadin, sa ki fè y ap siveye ak anpil atansyon e ap pran tan yo pou verifye pandan y ap raple l tou nenpòt plas li okipe la paka fè l pi wo pase lalwa ki tabli nan peyi a.

Pou sa ki konsène ti bouch louvri ant chèf gouvènman Miragwàn nan ak chèf Okay la, Ronald Richemond pou kesyon yon chèf gang ki ta twouve l nan jiridiksyon Okay la, ministè lajistis te pwofite voye yon lèt repwòch tou pou CG Richemond kote yo voye yon mesaj klè pou 2 komisè yo. MJSP fè konprann se Miragwàn ki tout limit Muscadin, tandiske pou Richemond li menm yo raple l se pa sansasyon pou l ap fè, men se fè travay li byen epi kote ki fèt pou sa.

“MJSP sezi wè konpòtman w komisè, vye pawòl ou yo nan medya kont kolèg ou a nan Miragwàn nou dwe kondane yo menm jan ak zak li fè ki pa nan jiridiksyon l la. Nenpòt pwoblèm ki ta gen ant majistra pa dwe regle sou plas piblik“, selon lèt ministè ekri voye bay CG Okay la.

Boutofen, minis Emmelie Prophète konseye pou 2 komisè yo reprann chimen ki trase pou tout CG yo pandan yo pa dwe bliye tou prensip bon konpòtman tout responsab sèvis piblik yo dwe genyen. Yo mansyone nan tou 2 lèt yo se ap dènye rapèl ministè a ap fè yo konsènan move ajisman sa yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 803
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Komèsan ayisyen yo rekòmanse aktivite komèsyal yo ak Sendomeng

Next Post

Cathiana Désiré et le festival d’éloquence de JISTIS à Jacmel

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Cathiana Désiré et le festival d’éloquence de JISTIS à Jacmel

Cathiana Désiré et le festival d’éloquence de JISTIS à Jacmel

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,332)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,870)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,965)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,776)

Nouveaux Articles

  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM
  • Trois décennies de service : la PNH saluée pour son engagement face à l’insécurité

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?