Jounen jodi jedi 01 Septanm 2022 a, nan yon entèvyou sou radyo Magik 9, minis Travay Piblik ak Transpò epi Kominikasyon an, Rosemond Pradel te tou pwofite fè kèk mizopwen sou koze ranbousman osnon dedomajman Leta ayisyen ta bay konpayi kouran SOGENER S.A.
Selon Rosemond Pradel, Minis Travay Piblik ak Transpò epi Kominikasyon te pale sou demann konpayi SOGENER S.A pou Leta Ayisyen ranmbouse yo 50 milyon dola ameriken : ” Gen yon demach kote SOGENER nan sans sa, men poko gen desizyon final. Paske yo te ale an refere, Tribinal refere a te gen pou li pwononse nan sans sa, men te gen entèvansyon bò kote EDH pou arete desizyon sa akoz yo te fè apèl ak desizyon sa paske yo te estime li pa kòrèk”.
Leta Ayisyen sou lòd Jij enstriksyon Mathieu Chanlatte, prè Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens avèk otorite Jidisyè, avoka epi Lapolis te pran desizyon pou yo te sezi konpayi ak poze sele sou SOGENER nan jou Jedi 30 Jiyè 2020, akoz kesyon blanchiman Lajan ak itilizasyon materyèl leta Ayisyen san ofri bon jan sèvis.
Rosemond Pradel, Minis Travay Piblik ak Transpò epi Kominikasyon te kontinye pou li ajoute :” Desizyon pou dedomajman SOGENER S.A, se yon dosye ki poko fini epi k ap kontinye defann”.
N ap raple, avoka konpayi SOGENER S.A. Me. Fanfan Guérilus ki se defansè Reginald Jean Max Vorbes, te presize aksyon sa yo leta ap mennen yo kont konpayi an se yon zak pèsekisyon politik kote pouvwa egzekitif la ap itilize kòm manèv.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.
Discussion about this post