Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Culture

Mete limyè sou mwen: Baky popilè chante antèman plizyè rapè nan HMI la

Mag Haiti by Mag Haiti
November 11, 2021
in Culture, Musique
0

Aprè anpil tan li fè absan nan endistri mizikal ayisyen an, atis Baky Popilè deside tounen ak tout flanm dife l. Yè ki te madi 9 novanm nan, atis la ki se moun okay pibliye yon nouvo mizik ki rele “Mete limyè sou mwen” kote li deside boule kouwòn tout fo “King” nan rap kreyòl la, ak chante antèman tout fo rapè. Yon fason pou tout pwojektè ka brake sou li.

Gen plis pase 200 000 moun ki gentan gade videyo nouvo mizik Baky a, alòske li poko menm gen yon bon jounen depi l pibliye. Anpil moun sou entènèt la kalifye mizik sila a de mizik polemik, anpil lot di, jan granmoun yo konn abitye di l la, “Grenn Baky plen men l”.

Rezon an senp, atis la soti yon mizik kote li chache mete tout moun nan plas yo. Jan gran save yo te ka di l ” Chacun son métier, les vaches seront bien gardées “.


“Se lè w gade m w ap wè game sa pat cho vre, w ap wè tout rapè ou te konn ap di ki fò yo pa fò vre”, Baky di ansanm pawòl sa yo nan kòmansman mizik la.

Kèk atis ki panse yo se gran rapè, Baky di “yo tout se zonbi yo ye”. Ak tout lajwa nan kè l, li chwazi chante antèman yo. Nan kòmansman videyo a, nou wè atis la ki al vòlè yon kouwòn e li deside boule l, yon fason pou l montre pa genyen “King” nan rap kreyòl la.

Nan videyo sa ki dire anviwon 4 minit, Baky prezante tèt li sou plizyè fòm. Yon vòlè, yon militè, yon pè, yon “bad boy” men sitou, li prezante tèt li tankou yon moralis, yon gran save k ap bay tout atis ki nan HMI la leson. “Si w pa janm ka grandi antanke moun, kòman w ta vle pou mizik ou grandi”.

Anpil fanatik Baky bat gwo bravo pou mizik la. Yo pa kache lajwa yo pou videyo a tou, ki aprann yo anpil bagay.


Pou mete lwil sou dife a, anpil fanatik site non Wendy ak Roody Roodboy kòm atis ki pran gwo frap nan mizik sa.

Pandan anpil moun te panse karyè atis la pran fen, Baky di li chwazi vin mete fen nan karyè anpil atis. Jiskaprezan, “Mete limyè sou mwen” kontinye ap fè pale de li sou tout rezo yo. N ap raple ke atis la pwomèt 2 albòm pou fen ane 2021 an.

Marckenley Elie

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2021

Comments

commentaires

Nombre de vues: 3,101
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Haïti éligible au visa travail des ressortissants étrangers aux États-Unis

Next Post

Rareté de carburant: 30 camions-citernes livrés au marché noir

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post

Rareté de carburant: 30 camions-citernes livrés au marché noir

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,425)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,911)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,015)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,811)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?