Jounen jodi mèkredi 15 fevriye 2023 a, avoka Yvon Pyram mouri anba bal endividi ak zam nan mitan jounen an, pandan li te sou machin li nan lokalite Tomasen 30, komin Petyonvil.
Lajistis Ayisyen an dèy apre asasina Mèt Yvon Pyram nan anviwon 3è aprè midi nan komin Petyonvil, presizeman Tomasen 30 touprè Lakay li. Li mouri sou machin li ki se yon « Jeep Wrangler» koulè nwa. Anpil sous fè konnen se bandi ki nan gang Ti Makak yo ki ta touye avoka a.
N ap raple avoka Yvon Pyram, se te pansyonè nan Bawo Aken, anplis manm kabinè ansyen premye dam Martine Moïse ki se : «Expertise Law Film», poutan jounen jodia nèg avèk zam etenn souf li. Plizyè imaj kadav viktim lan ap sikile sou rezo sosyal yo, kote l ap benyen nan san li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post