Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

MENFP kondane zak kraze ak mete dife bandi yo fè sou lekòl ak inivèsite yo

Mag Haiti by Mag Haiti
March 28, 2024
in Société
0
MENFP kondane zak kraze ak mete dife bandi yo fè sou lekòl ak inivèsite yo

Nan yon kominike Ministè Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) sòti jodi jedi mas 2024 la, li kondane avèk tout fòs zak kraze brize kont lekòl ak inivèsite ki se poto mitan tout sosyete.

Ministè Edikasyon Nasyonal la defann pou li di “Atake lekòl ak inivèsite, detui achiv yo, boule lekòl ak inivèsite, kraze brize materyèl lekòl ak inivèsite, se detui manm prensipal yon sosyete, se detui poto mitan yon kay ki pèmèt tout sosyete a kanpe djanm pou prepare avni timoun ak jèn yo epi avni peyi a“.

Pandanstan, enstitisyon ki responsab edikasyon an pwofite pou raple dènyè zak dife ki te mete nan lekòl Miks «Frère Nau» ak lekòl Nòmal Siperyè jounen jodi a, kote yo menm fè konnen lekòl nòmal se youn nan pi gwo ak pi ansyen enstitisyon k ap fòme pwofesè nan peyi a k ap bay nou sèvis kit nan lekòl prive kit nan lekòl piblik.

Nan menm sans sa, bandi ak zam piye deja Fakilte Syans ak lekòl Nasyonal Atizan epi lekòl «Sage Femme» nan ri Monsenyè Giyou pandan semèn pase yo. Yo sakaje Fakilte Dè Syans ak Fakilte Agronomi ak Medsin Veterinè (FAMV) anplis divès famasi ak klinik yo piye ayè mèkredi 27 mas la.

“Pa gen peyi san edikasyon, pa gen edikasyon san lekòl, lekòl ak inivèsite se tanp konesans ak limyè pou ede tout sosyete vanse, sitou sa ki pi fèb yo. Gras ak lekòl, tout timoun ka rive reyalize rèv yo. Li lè li tan pou zak kraze brize yo sispann sou lekòl yo ak inivèsite yo“, toujou daprè sa yo ajoute nan nòt sila.

Pratik vyolans gang yo kontinye ap fè mal avèk enstitisyon prive ak piblik. Kote nan yon lòt bò divès komisarya ak prizon deja kraze ak piye nan zòn Metwopolitèn nan. Men bò kote responsab MENFP yo, yo peze pou fè konprann nan kèlkeswa sikonstans la lekòl yo ak dwa levasyon timoun yo dwe pwoteje tout tan.

“Ministè Edikasyon Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl pwofite voye senpati li bay tout viktim nan sosyete a k ap sibi atak sa yo ak zak kraze brize sa yo. Nan sans sa a, MENFP pwofite voye senpati l bay fanmi Maurice Antoine, youn nan pi ansyen kad nan Ministè a, kontab Biwo Sekretè Leta Alfabetizasyon, bandi yo touye jodi jedi 28 mas la», pou fini avèk kominike a.

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 486
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

1 554 moun mouri 826 lòt blese nan vyolans ki fèt pandan kòmansman ane a

Next Post

Yon polisye ak yon ansyen sekirite nan KEP mouri Mibalè pandan yo te pral achte bal pou bandi

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Yon polisye ak yon ansyen sekirite nan KEP mouri Mibalè pandan yo te pral achte bal pou bandi

Yon polisye ak yon ansyen sekirite nan KEP mouri Mibalè pandan yo te pral achte bal pou bandi

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,835)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,764)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,811)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,658)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?