Nan yon entèvansyon sou Radyo Galaxie jodi jedi 23 fevriye 2023 a, ajan egzekitif enterimè nan komin Lestè, Mutal Lozin fè konnen se akoz polisye yo pa jwenn ranfò epi estime yo twò piti pou ta kanpe fas bandi yo ki fè yo deside fèmen pòt komisarya.
Ajan enterimè komin lan eksplike, nan moman bandi te anvayi zòn lan ayè mèkredi a, se sèlman 6 polisye ki te nan komisarya a. Sitiyasyon ki ta pral pouse yo mande ranfò nan piwo nivo lapolis la, sa yo pa te rive jwenn plis pase 2 èdtan aprè.
«Daprè sa responsab komisarya a di m, polisye yo t ap mande ranfò paske yo te wè sitiyasyon an difisil depi a 7è nan maten pou jiska 10è yo pa jwenn. Pou kounya, yo ekate komin lan.» se sa majistra Mutal fè konnen pandan li presize selon rapò responsab ki te la bay avèk li.
Nan yon lòtbò, responsab la di polisye yo bay kondisyon pou yo ta tounen nan komin lan. ogmante efektif la ak bon materyèl pou konbat avèk gang sa yo, se 2 sa yo majistra a mansyone.
Pou kounya, ajan enterimè a fè konnen l ap travay sou posiblite pou ta fè polisye yo tounen nan komisarya a. Men nan moman an, li prezise tout popilasyon an lage pou kont li fas ak bandi “kokorat san ras” ki ta pran komin lan pou yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023