Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Luis Abinader entèdi plizyè Ayisyen Kanada ak Etazini sanksyone antre Sendomeng

Mag Haiti by Mag Haiti
April 17, 2023
in Société
0
Prezidan Luis Abinader mande kominote entènasyonal la pou mete lapè an Ayiti

Nan yon nòt ki pibliye nan jounal Listin Diaro jounen jodi dimanch 16 avril 2023 a, prezidan Repiblik Dominiken an Luis Abinader pase enstriksyon pou entèdi anpil pami sila yo peyi Kanada ak Etazini sanksyone pou yo pa pile teritwa Nasyonal la. Selon prezidan an yo reprezante yon menas pou enterè ak enstitisyon peyi a.

«Atik 128-1 nan konstitisyon Dominiken an bay prezidan Repiblik la, nan kapasite li kòm chèf leta pou entèdi lè sa bon pou enterè piblik la, antre etranje sou teritwa Nasyonal la», selon sa ki ekri nan nòt prezidansyèl Luis Abinader a.

Gouvènman Kanada ak Etazini pa sispann sanksyone plizyè aktè nan domèn politik ak ekonomik, kòm moun ki itilize trafik enfliyans yo, nan relasyon avèk chèf gang pou kreye ensekirite nan peyi Dayiti, anplis patisipasyon nan zak koripsyon pandan manda yo, elatriye.

«Poutèt sa lwa nimewo 285-04, jeneral migrasyon ak règleman aplikasyon li yo ki nan dekrè nimewo 631-11, penmèt yo anpeche antre nan teritwa Nasyonal la etranje sa yo ki genyen dosye kriminèl oswa ki nan opinyon otorite yo konpetan, ki reprezante yon kalite menas kont sekirite Nasyonal la ak enterè yo nan Repiblik la», sa ki kontinye ekri nan nòt prezidansyèl la.

Nan 28yèm somè Ibewo-Ameriken ki te òganize nan peyi Repiblik Dominiken nan dat 25 mas ki sot pase la, Luis Abinader te fè konnen kominote entènasyonal la paka ki te kriz la ap pran plis tan an Ayiti, paske majorite moun k ap fè fas avèk kriz sa se sila yo ki pòv yo. Poutan, kèk moun ki rich ta ap viv Miyami ak Sendomeng.

«Daprè sa ki endike anwo a epi sou rekòmandasyon òganizasyon defans ak sekirite korespondan yo mwen menm Luis Abinader, prezidan konstitisyonèl Repiblik Dominikèn, daprè pouvwa nimeral I, literal b, atik 128 Konstitisyon an ban mwen, mwen bay enstriksyon sa yo» toujou selon sa ki ekri nan nòt prezidansyèl la.

Paralèlman, li tou pwofite mete yon lis non moun pou imigrasyon Repiblik Dominiken dwe anpeche antre nan teritwa nasyonal li a, tankou : Ansyen senatè Youri Latortue, Ansyen senatè Garcia Delva, Ansyen minis enteryè ak kolektivite teritoryal Liszt Quitel, Rodolphe Jaar ki akize nan asasina prezidan Jovenel Moïse, Bredy Charlot, Kesner Normil, Ansyen premye minis Evans Paul, Jounalis Assad Volcy, ansyen depite Jean Tholbert Alexis, ansyen depite Victor Prophane, ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe, ansyen senatè Richard Lenine Hervé Fourcand, elatriye.

Se moun Kanada ak Etazini te gentan sanksyone deja anplis sila lajistis Ayisyen ap chèche ak pini pou zak kidnapin, asasina, Asosyasyon malfektè epi koripsyon, kote prezidan Dominiken an pase lòd ak imigrasyon pou pa kite moun sa yo pile pwent pye yo sou sòl lakay yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 817
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Livres en Folie 2023 : le choix de Prosper Avril comme co-invité d’honneur ne fait pas l’unanimité

Next Post

Margelly Danaëv Jean : un jeune poète qui peint la réalité du pays à travers sa poésie

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Margelly Danaëv Jean : un jeune poète qui peint la réalité du pays à travers sa poésie

Margelly Danaëv Jean : un jeune poète qui peint la réalité du pays à travers sa poésie

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,988)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,793)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,852)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,680)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?