Emmanuel Eugène, se non potorik gason sa a ki kòmanse ekri tèks depi nan peryòd 1960 e ki te deside pran non Manno Ejèn ki se ti non jwèt li plis plezire, se non plim li kote tout pwen sansib li layite, rèv li, diyite l, ak libète l. Tout literè sòti an Ayiti pase Etazini, Kiba, Kanada ak lòt espas ki bay literati an kreyòl ayisyen pasaj pou rive kite vwa powèt yo transfòme epi enfòme moun sou fason yo dekri reyalite a ak nostalji yo pou yon peyi k pè reponn lè yo rele l nan non l la, Ayiti, konnen Manno Ejèn, men pèsonn pa konnen si Emmanuel Eugène se mak fabrik yo bay powèt la pote e ki tranpe mounite l pandan l ap demarande l avèk dekiprevyen l.
Sou kesyon non sa a powèt la deside fè distenksyon an kon sa a : «Emmanuel Eugène se souvnans tout yon travève fòse, pasay oblije baye men lajè sou tout ekzistans mwen kòm endividi, pèp, popilasyon. Se chay tout yon chimennkwa klopi klopan, kloutoup kloutap nan memwa mwen. Se pèz yon demounizay sanginè, pwa senkant m ape chawaye bwote. Manno Ejèn, li menm, se Zekla yon lakataw bouyi vide. Magma labouyi cho depi nan fondas mwen, avèk touf flanm jayi nan tout venn kò mwen k ape koule…»
Manno Ejèn, yon pitit pwezi, yon kreyolis
Manno Ejèn se yon ekriven, eseyis, nouvelis, jounalis men anvan tout sa l te ka genyen kòm tit, li klè sou sa a, li se powèt epi kreyolis nan tout nanm li. Li kòmanse ekri tèks nan laj kenz an. Se apati ane 80 yo li kòmanse pibliye tèks nan divès jounal, revi, radyo nan dyaspora a. Nan kontak li avèk de ou twa zanmi kamarad tankou Julio Jean Pierre, Michel-Ange Hyppolite, Jean Robert Duré Placide ak lòt ankò, li te pran kesyone epi reflechi sou ekriti lang lan, sou ki sa a ki pwezi kreyòl la.
Manno Ejèn te lanse l nan kèk rezonman sou lang lan tankou : «Èske Kreyòl la pa genyen fòm pa li, regleman pa li ?» Se te youn nan kesyonman fondalnatal e fondamantal fondatè Mouvman kreyòl yo te genyen alepòk kidonk pou li ak tout lòt kreyolis, yo te klè sou pozisyon yo, si lang lan pa genyen règ se pou yo kreye yo. Se menm detèminasyon sa a a ki te anime branch rechèch Mouvman an, Sosyete Koukouy, ki te pouse yo envante yon latriye fòm pwezi, tankou : Pwezi wongòl, zwing, pwent, avèk pwòp vèsifikasyon pa yo.
Orijin lanmou Manno Ejèn pou ekriti ak egzil li nan peyi Kanada
«Mwen koumanse ekri depi ti jennonm, nan peryòd ane 60 yo nan kad yon konkou pwezi Mouvman kreyòl ayisyen (MKA) t ap òganize pou okazyon fèt manman, sou antèn Radyo Karayib, nan ri Chavàn. Se kon sa a mwen te rive pami premye kadida ki te pòte mayòl la. Se depi lè a mwen te entegre branch literè Mouvman an, Sosyete Koukouy, sou ti non plim Papiyon nwa. Non vanyans mwen, frajil pase bojon lavi. Men vwala, yon swasantèn ane apre, Sosyete Koukouy rete gwoupman literè ayisyen ki pi ansyen k ap feraye rèd chèch toujou.»
Selon Manno Ejèn, ane 60-70 yo te yon epòk anfouraye kote mond lan te anboulatcha, tout moun t ap chèche tèt yo atravè yon dividal kouran panse, lide tout kalite, tandans sou tout fòm ki te kaselezo nan monn nan, nan epòk la te gen kouran kominis la, lagèfwad, kriz Kiba, lagè Vyetnam, mi Bèlen, ak Les Beatles. Epi an Ayiti, limenm, se te revolisyon sou plan atistik, kiltirèl ak politik. Te gen kreyasyon plizyè klèb kiltirèl tankou mouvman Sen solèy, mouvman yeye lèyipi, endijenis, divalyeris ak nwaris, te gen Santda avèk penti nayif, ekriti espiralis la, elatriye. Ane sa yo se te anmenmtan tou «pye ki t ap mande sa m manje m pa ba ou» epi, pa pye pa tèt, pa pakèt, anpil moun t ap kouri kite peyi a. Jèn moun tankou granmoun, rich tankou pòv t ap vole gagè, pati aletranje, chape poul yo lòtbò dlo, kouri ale chache lavi miyò lòt kote. Diktati sanginè Divalyeris la t ap mache pran, asasinen, disparèt, epi jete pitit peyi a nan kacho prizon Fò dimanch.
«Mwen menm nan mitan tout sa a, m te grenn wòch nan grès la, ti pwason k ap swiv gwo kouran, lesuivan k ap aprann, k ap dekouvri talan nan dòmi, an katimini lakay mwen. Se kon sa a mwen te enskri nan plizyè disiplin atizay tankou nan Academie des beaux-arts, Conservatoire d’art dramatique, Ecole de dance (Kay) Davinia Williams. Men vwala, alafendèfen, se ekriti, lanmou pou pwezi ki te pran mayòl la.[…] Tankou plizyè milyon lòt anvan mwen, apre mwen, mwen menm tou, mwen te fè vwal pou Monreyal, Kanada» , se sa a otè a ajoute. ,
Powèt la fè konnen tou li menm si l te kite peyi a, Ayiti limenm pa janm kite l. Depi gen okazyon pou l rantre, anyen pa ka kenbe l. Tèt bese li te devan paske Ayiti nan li nan yon pwen kote pèsòn pa fouti konnen ki lè l Ayiti epi ki lè li Kanada. Se yon sitiyasyon li esprime nan premye rekèy li, Ekziltik (1988).
Yon latriye zèv pou literati ayisyen an, yon eritaj
Manno Ejèn pibliye 6 liv pami yo nou jwenn 5 rekèy powèm avèk 1 rekèy istwa kout. Selon sa a otè a fè konnen, li pibliye Vwa Zandò/ La voix des mystères (2007), lakritik salye kòm premye tantatif ekriti sou ekzil nan lang ayisyen an, Rodney Saint-Éloi salye l kòm yon mounite rekonkeri ki enskri nan yon powetik ekzil, Sezon Papiyon (2013) ki se yon fòm powèm kout, li rele pwezi anwoule, se yon seri ti pwezi nimewote (antou sis vèsè) ki dewoule sou yon tematik, epi ki baze sou bèltiz yon ekriti sibit. Apre sa a nou jwenn Pwezi pou anwoule tan mwen (2019), yon modèl pwezi, daprè Orso A. Dorélus, ki itilize yon demach primitif, yon estetik ki konstui apati yon reyalite ki rekreye.
«Se mwen ki mwen / Lèt mwen ekri tèt mwen, se tit dènye rekèy mwen ki fenk sòti. Li se apwofondisman yon tematik idantitè, yon demach ekriti esperimantal kote pwezi a ap apante yon faz sikolojik, filozofik ak metafizik»
Li enpòtan pou n konnen otè a pibliye yon zèv ki gen pou tit «Aganmafwezay» se yon bann ti resi, oubyen istwa kout. Aganmafwezay se yon mo konpoze (aganman + mafwezi), se pou nonmen fenomèn lang fransè yo rele «métamorphose» la, ladan l, tout resi yo dewoule sou fenomèm transfòmasyon an. Selon Manno Ejèn, liv sa a rantre nan yon pwojè Les Editions Presses nationales d’Haïti te òganize an 2006, nan premye rantre literè yo nan peyi a sou direksyon Willem Edouard. Li kontinye pou l di, okjektif gwo evennman sa a se te pou ankouraje pwodiksyon zèv fiksyon osnon istwa imajinè nan lang kreyòl ayisyen an.
Plas vodoun nan zèv Manno Ejèn
Pou Manno, literati se yonn nan manifestasyon kiltirèl yon sosyete. Aprè misyon li genyen pou sedui, kreye, epi reveye emosyon, li se yon refleksyon an pwofondè sou lavi, sou reyalite kiltirèl yon pèp. Li vize tou pou li edike, enfliyanse, ede moun reflechi, epi devlope sans kritik. E kòm vodoun an se nanm kiltirèl pèp ayisyen an, esans li kòm sosyete. Pran nan sans sa a, li fè konnen, literati a dwe kontribye nan amelyorasyon sosyete a, nan devlope konesans sou pwòp tèt li. Nan sans, yon kreyolite asime osnon yon kreyolizay. «kòm gadò lamemwa, yon ekriven ayisyen dwe make sosyete a, nan chak evènman kiltirèl, epi travay nan transfòmasyon li. Ki fè, lè mwen di mwen se yon ekriven kreyòl, mo sa a nou dwe pran li nan tout lajès : kilti, sosyete, sivilizasyon. Kon sa a vodoun an, nan sans laj li, se fondas ekriti mwen, sous enspirasyon ki meble imajinè mwen» .
Rapò otè a ak zèv li yo
Selon sa a otè a rakonte, ekri nan lang ayisyen se yon vokasyon. zèv li yo se don, se kontribisyon yo pote pou yon literati pi djanm, pi demokratik an Ayiti. Pou li, asosyasyon ekriven yo, libreri yo, atelye piblikasyon yo ak Leta ayisyen, atravè ministè li yo ki konsène ak lòt biwo yo tankou Ministè Lakilti, Ministè edikasyon Nasyonal, Direksyon nasyonal liv, Bibliyotèk nasyonal, Biwo alfabetizasyon, Biwo dwadotè, dwe devlope yon dinamik sou kesyon pwodiksyon zèv literè pandan y ap asire suivi yo. Manno Ejèn kontinye pou l fè konnen yo dwe pwojte yon gwo woumble nasyonal pou anvizaje yon refleksyon an pwofondè ki kapab vini ak kèk solisyon pou mache liv la an jeneral, sa vle di rann pri liv yo pi demokratik, pi abòdab, pi aksesif pou majorite popilasyon an k ap vejete nan lakras avèk lamizè a.
Li enpòtan pou n konnen yon ikòn tankou Manno Ejèn pa rive viv sou liv yo akòz pa gen yon mache liv ki byen regle nan peyi d Ayiti. «Malerezman non ! Mache liv la two piti pou tout kreyatè li genyen. Epi enstitisyon ki tabli pou sa yo, pa òganize ase pou yo ta penmèt, yon ekriven, yon powèt viv senpman de plim li. Ale wè pou yon ekriven ki chwazi ekri nan lanng zantray li[…]Yon lide Liv vèt Regwoupman Ekriven Kreyòl , depi 2015. Men tou, yon refleksyon Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) te tanmen nan pou yon mache liv kreyòl an Ayiti (Le Nouvelliste, 2013)», se sa otè a raple n sou koze mache liv ki pa genyen an byenke gen tantativ k ap fèt pou sa a an Ayiti ak nan dyaspora a.
Malgre tout pwoblèm ki gen sou chemen an Manno Ejèn ankouraje tout kreyatè kontinye pwodui epi kreye paske, selon limenm, literati ayisyen an jèn anpil, pa genyen ase echantiyon ki pou sèvi modèl se de jou an jou lanng nasyonal la ap vanse sou plan literè. Li ajoute, se yon devlopman ki dwe mete tout ekriven nan lang lan sou brenzenng yo, sa dwe yon obligasyon pou yo aprann devizaje lang lan, gade l delatètopye avèk yon lòt je, travay nan lang lan, sou lang lan pou yo ka dekouvri lamayòt, kach kach liben ki ladan l.
Romy Jean François
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024