Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Lendi 7 novanm 2022 a, ta sanble inisyativ pou lekòl la ta relouvri a tonbe nan dlo

Mag Haiti by Mag Haiti
November 8, 2022
in Société
0
Selon anpil paran, ouvèti lekòl la parèt enposib pou 3 oktòb

Jounen jodi lendi 7 novanm 2022 a, kontrèman ak inisyativ ki te pran pou te relouvri lekòl la nan peyi a, ta sanble se sèlman nan vil Senmak ak Lagonav dezisyon sa yo ta rive respekte daprè deklarasyon korespondan respektif radyo Mega nan vil sa yo. Pou Pòtoprens ak plizyè lòt vil pwovens, okenn pòt lekòl poko louvri pou ofri timoun yo moso levasyon.

Jan sa te anonse pandan kèk jou, gen anpil inisyativ ki te pran pou te relouvri lekòl yo. Nan sans sa, kowòdonatè estrikti politik Eskwad, Paul Gerot Jean- Baptiste te deklare lekòl yo ta sipoze louvri definitivman nan vil Senmak ak nan depatman Nip, paske yo rezoud tout pwoblèm yo. Responsab la asire yo te rive antann yo ak tout sektè yo pou relouvri pòt lekòl yo, tankou, asosiyasyon paran yo, pwofesè yo epi direktè lekòl yo.

Nan Pòtoprens, daprè yon sous nou ka fè konfyans plizyè lekòl deja ap fè preparasyon pou ouvèti lekòl la, konsa tou genyen ki deja lanse platfòm pou kòmanse kou yo anliy, tankou sa te konn ye lè lekòl te fèmen pandan peryòd lòk, sou administrasyon Jovenel Moïse la.

Depi aprè deklarasyon Minis Edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, Nesmy Manigat pou anonse ouvèti lekol tipa, tipa nan dat 5 Oktòb 2022, anpil paran, elèv, profesè epi direktè lekòl te manifeste nan tout rakwen nan peyi a, paske daprè yo deklarasyon sa pa te gen plas li epi li te mete plis luil sou dife a, aprè desizyon monte pri gaz premye minis Ariel Henry te pran an. Plizyè manifestan t ap fawouche otorite pa bò isit, sitou sou koze lekòl la.

Poutan nan yon nòt lapolis Nasyonal Dayiti an te fè sòti, yo te fè kwè yo reprann kontwòl tèminal vare a, puiske li ta konsidere kòm veritab eleman ki lakoz blokaj peyi a pandan dènyè tan sa yo epi anpeche lekòl la relouvri pòt li.

Anpil paran ak pwofesè pa sispann eksprime fristrasyon ak kòlè yo kont lekòl la ki fèmen depi plis pase 2 mwa, pèsonn pa konn kilè l ap relouvri tout bon ak kilè timoun pral ka resevwa moso levasyon pou yon pi bon sosyete demen.

N ap fè n konnen gen plizyè vil pwovens sitiyasyon an pa ta parèt fasil ditou pou yo ta relouvri lekòl la, tankou nan vil Tigwav, Ti Rivyè Latibonit, Gonayiv, Ench, Okap elatriye. Mete sou sa, manm Pati Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles, deja anonse yon pwochenn mobilizasyon nan zonn Nò a.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,180
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Une nouvelle victime dans les rangs de la presse haïtienne

Next Post

Les USA annoncent une récompense allant jusqu’à 1 million pour les têtes de 3 chefs de gangs en Haïti

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Les USA annoncent une récompense allant jusqu’à 1 million pour les têtes de 3 chefs de gangs en Haïti

Les USA annoncent une récompense allant jusqu'à 1 million pour les têtes de 3 chefs de gangs en Haïti

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,053)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,812)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,878)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,694)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?