Pri lamanjay tèlman ap pike monte nan syèl nan mache yo menm pou yon jounen pri yo pa rive fikse nèt, paske se tanzantan machann yo ap monte pri yo. Yo toujou ap di nan pawòl yo se pa yo ki lakoz pri yo ap monte, se menm jan ak tout sitwayen yo tout viktim, se lavi y ap chèche tankou pwòp kliyan yo.
Kounya pou n achte yon bagay nan mache pou fè manje nan yon jounen sèlman, se nan gwo kase tèt nou ye. Tout bagay vin chè nan peyi akoz enflasyon k ap vale teren san rete.
Yon pèp ki pa gen menm kantite lajan pou yo manje jan sa te ye avan, franchman paka rive twouve fasil limit sakrifis ak mechanste ki kache dèyè ogmantasyon pwodui yo. Kidonk menm 1500 goud, vin prèske tounen yon pay monnen pou yon moun fè manje nan yon jounen, pandanstan majorite popilasyon an ap viv ak pipiti pase 2 dola ameriken chak jounen, daprè rapò Pwogram Nasyonzini pou Devlopman.
Non ! Mwen p ap ka di w pri yo, paske se chak jou pri yo ap monte nan mache a, sak pirèd la ou ka al achte nan maten, distans pou w retounen yo gentan mete yon 50 goud sou pri yo, kidonk se pa vle mwen pa vle di w yo, men ou ka panse se nan manti mwen ye ak ou.
Deklarasyon yon gwosis kap vann nan mache karade (Taba).
Nan moman n ap ekri la nan Pòtoprens, ti sak diri a vann 2850 goud, gwo sak farin nan 4300 goud, ti mamit sik la vann 100 goud, katon ze ap vann 500 goud, galon luil ap vann 1200 goud, glòs la vann 50 goud, ti mamit pwa nwa ap vann 175 goud, ti mamit pwa bè ap vann 155 goud, ti mamit diri ap vann, ti sachè makawoni pasta mama vann 75 goud, espageti vann 75 goud epi konsa genyen ki vann 100 goud tou, 2 grenn magi pou 15 goud, sasonn ki fèt tankou poud la vann 15 goud, sak likid la menm vann 30 goud, elatriye.

Ti mamit mayi moulen ap vann 125 goud, ti mamit ble a koute 125 goud, ti mamit pitimi an vann 150 goud, ti mamit farin nan vann 100 goud, ti bwat lèt la vann 50 goud, demi kès la koute 500 goud, ti bwat somon ap vann 125 goud, gwo bwat somon ap vann 250 goud, yon baton salami ap vann 185 goud, elatriye.
Ti mak aransò a ap vann 10 goud , gwo ap vann 125 goud, mak mori ap vann 25 goud, n ap bezwen 25 goud pou n achte yon ti tèt zonyon, 25 goud pou yon piman dous, 25 goud pou yon grenn zoranj si, 5 ti grenn grenadya pou 100 goud, 7 grenn sitwon pou 25 goud, elatriye.
Pou pwodui ki fèt sitou nan tè peyi a, pou n site sa yo sèlman: timamit diri chode a vann 125 goud, diri chela vann 150 goud, yon lo bannann fig ki genyen 5 ti grenn koute 50 goud, 3 grenn bannan miske vann 100 goud, yon lo patat ki gen 5 ti grenn vann 50 goud, yon bout yanm vann 150 goud, yon ti joumou preske koute 250 goud, 5 grenn pomdetè ap vann 50 goud, elatriye.
Anplis, pandan mango deyò jounen jodia, se 4 grenn mango fransik pou 200 goud ak 4 grenn mango blan pou 100 goud kèk machann bay.
Nan jounen mèkredi ki te 8 jen bò 1è nan aprè midi, nan mache ki chita kò li aprè kafou Jeral Batay ki tou kole ak komisarya a, plizyè machann te aliyen komès yo atè a epi tou profite rele kèk pwodui yo genyen, tankou sa yo: espageti, lèt, sik, fab, elatriye. Pandan yon dividal moun t ap fè lanavèt nan monte ak desann, konsa gen kèk elèv ak lòt moun ki t ap prese al regle penitans yo.
Pou n te jwenn kèk pri, malgre plizyè machann te refize ban nou enfòmasyon sou pri yo akoz yo panse se tan yo t ap pèdi nan plede bay pri chak grenn pwodui yo, youn nan machann ki te rive aksepte kontrèman ak lòt yo, se te yon machann legim ki chita atè nan solèy la nan mache jeral.
‘’Chak jou k ap vini, legim ak salad tounen liks pou malerèz isit. Koz, depi se pa epòk yo-yo monte tèt nèg. L ap difisil pou mwen ba ou pri chak grenn, men n ap bezwen pou pi piti 500 goud pou n achte bagay legim, tankou sa yo: epina, kreson, militon, berejenn, papay, chou pou n fè legim pou pi piti 3 moun.’’
Diplis, 5 pye powo ap vann 50 goud, yon ponyen pèsi pou 25 goud, yon tèt lay vyolèt vann 25 goud, yon tèt lay blanch pou 15 goud, 3 ti grenn piman pike vann 10 goud. Nou ka remake pou dènyè tan sa yo, nan bak machann fritay, 3 bout bannan peze pou 50 goud, yon pwason fri pou 100 goud, 3 akra pou 25 goud, yon pate kòde pou 100 goud…
Pwoblèm nan pa chita sèlman nan achte pwodui pou manje yo, men kuit yo tou vin pi difisil. Paske, yon mamit chabon ap vann 50 goud epi ti bokit la menm ap vann 75 goud. Gwo sak la ap vann pou kounya 1500 goud kèk kote nan peyi a.
Moun ki sèvi ak gaz pwopann, y ap bezwen 1500 goud pou yo plen yon ti bonbonn.
Pou kounya, ti bwat alimèt la ap vann 10 goud, yon pake bwapen vann 25 goud, yon ti sachè kanèl ki genyen 2 ti baton kanèl ak 2 fèy sitwon vann 5 goud, yon sachè ki genyen yon grenn anetwale vann 5 goud, pake jiròf la vann 10 goud ak 25 goud, Yon pake jenjanm ap vann ant 25 ak 50 goud, yon tèt lay vyolèt koute 25 goud, lay blanch lan 15 goud.
Menm jan pri pwodui yo ap vale teren depi kèk jou pa bò isit, se konsa tou pri manje kuit ap monte.
Jounen jodia, sa nou rele anba dra a oubyen chen janbe pa bò lakay nou vin koute 250 goud, konparativman ak jan sa te ye avan. Kote yon espageti kuit koute 150 goud, yon babekyou koute 250 goud, yon pikapoyo ap vann 250 goud, yon sosis pou 35 goud, yon ji kole ap vann 150 goud, elatriye.
Lòt pwodui ki itil ki vann anpil nan mache yo, konsa tou gen lòt pwodui ki pa fèt pou manje k ap ogmante chak jou, yon sachè kotèks ap vann 120 goud, yon bout savon lave ap vann 50 goud, ti mamit fab la vann 60 goud, ti po mistolin la vann 50 goud, ti po likid la ap vann 175 goud, ti pake klowòks la vann 10 goud, paydefè ap vann 25 goud, elatriye.
bonbon sèl ap vann 20 goud, grenn bonbon dous ap vann ant 30 ak 35 goud, 3 grenn sirèt pou 10 goud, yon sachè dlo pou 5 goud,yon galon dlo pou bwè ap vann 40 goud, yon bokit dlo basen ap vann 10 goud, elatriye.
Daprè remak nou sou pri yo k ap monte ak tout nivo plenyen machann yo ap plenyen nan mache yo. Nou krent si bagay yo rete konsa nan peyi a, n ap rive yon lè plis moun ap vin paka manje, ni monte chodyè lakay yo.
Poutan, se pa aksepte moun y aksepte kondisyon an, se bouke yo bouke pale pou yon sèl bagay. Petèt yo ka rive sispann ak estrateji plenyen an, men chèche viv ak fè faskare ak kondisyon mizè a Yon lòt jan, si n pa chèche jwenn yon solisyon prese, nou riske peri nèt osnon tonbe nan yon gwo soulèvman popilè osnon dechoukay nan peyi a akoz nivo grangou an k ap vale teren.
Bethaida Bernadel
Foto: Steven Aristil
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post