Nan kad operasyon lapolis ak pakè Koto a te tanmen nan zòn Tibiwon ayè dimanch 10 desanm nan, chèf pakè a, Wadson Azor fè konnen gen plis pase yon dizèn manm gang ki mouri pandan yo t ap tire ak lapolis. Selon deklarasyon komisè a menm chèf gang sa ki te ap opere nan Tibiwon an ta jwenn lanmò l tou nan entèvansyon sa.
“Lè batay la te kòmanse a nou te konte gen 17 ki te mòtèlman blese, konba a te kontinye gen anpil moun ki tonbe nou te remèt jij pou lapè a kote krim nan te fèt la pou l te fè sa ki nesesè yo. Pou sa ki gade chèf gang ki rele “lòm rach” la li se premye moun ki te pran bal, misye genlè pa la ankò selon enfòmasyon nou jwenn”, se sa chèf gouvènman an deklare pandan l soulinye pa gen okenn viktim nan bò pa lapolis.
Pi lwen, Wadson Azor fè konprann pou kounya yo arete 3 fanm ki ta gen lyen ak gwoup gang sa, e li mansyone tou gen plizyè tifi y ap chache diplis sou yo puiske li di yo fè konprann se fòse endividi yo konn fòse yo al nan baz ak yo. Yon lòt kote, pandan operasyon an li eksplike yo te rive sezi plizyè zam pami yo M4, 12, zam atizanal, elatriye.
Pandantan sa, Komisè gouvènman an presize se yon operasyon li t ap planifye depi premye desanm lè l te apènn pran fonksyon. Se konsa tou li di se li ki te deside mennen operasyon an yon 10 desanm yon fason senbolik pou te ka bay moun zòn Tibiwon, Koto ak zòn sou kote yo, yon souf ak gwoup gang sa ki t ap pase anba pye dwa moun yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023