Ayè dimanch 26 mas 2023 a, Lapolis Nasyonal Dayiti te arete prezime asasen Kenol Capitaine alyas Kato, nan kad ankèt l ap mennen sou asasina Marie Gauthier Franklin ak kidnapin mari li ki se Jean Franklin, ki se 2 sitwayen Ameriken yo, selon sa enstitisyon lapolis la ekri sou paj Fesbouk li.
Prezime asasen Kenol Capitaine alyas Kato te arete channmas pandan li t ap sòti Okay, alòske ajan polisye nan Inite Brigad Rechèch epi Entèvansyon (BRI) te pwofite mete men sou li.
«Aprè gwoup gang Kraze baryè, Vitelhomme Innocent ap dirije a te fin fè zak kriminèl sa anndan lakay viktim lan, nan zòn Taba 68, nan dat vandredi 7 oktòb 2022 a, Kenol Capitaine ta pral mawon nan vil Okay, depatman Sid» toujou selon sa Lapolis enfòme sou dosye sa.
Prezime asasen Kenol Capitaine alyas Kato ta pral rive denonse gras avèk David Joseph alyas Ti blan, ki se youn nan manm gang Vitelhomme Innocent ap dirije a, kote lapolis te gentan arete l depi lendi 27 fevriye ki sot pase la, nan lokalite Tòsèl nan kad operasyon Tònad-1.
Lapolis presizeman Biwo Afè Kriminèl (BAC) di l ap chache Steevenson Charles, Fanfan Jules, Fania Julien epi lòt akolit li yo nan kad krim ak zak kidnapin sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023