Direksyon Santral Polis Jidisyè te rive arete ansyen minis Kominikasyon ak Lakilti sou ansyen prezidan Jovenel Moïse, Limond Toussaint ayè jedi 18 me 2023 a, anndan lakay li nan komin Jakmèl.
Ansyen minis Kominikasyon ak Lakilti an jwenn arestasyon l nan kad yon ankèt lapolis ap mennen sou yon moun y ap chèche yo pa jwenn li depi 10 me ki sot pase a. PNH panse ansyen minis la se yon veritab sispèk nan zak sila.
Lapolis te rive fouye kay ansyen Minis Kominikasyon an, kote yo te pral sezi yon ansyen fizi daso T-65 ki se pou leta Ayisyen.
Ansyen minis Kominikasyon ak Lakilti an te yon ansyen pè legliz katolik epi li te pral kite li pou l ale evolye nan koze politik, konsa li te pral rive minis an 2017, sou administrasyon Jovenel Moïse ak Lafontant.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023