Lapolis Nasyonal Dayiti pibliye jounen jodia jedi 9 mas 2023 nouvèl arestasyon 4 prezime asasen ki gen non Gay Frédéric, Junior Pierre, Peterson Petit -Frère epi Enès Petit-Frère pou asasina Demane St-Felix nan dat 22 desanm 2022. Yo te touye li pou yo pran 1 milyon goud avèk 1500 dola Ameriken sou li.
«Li te konn vin lakay mwen, li te konn vin fè yon semenn lakay la, aprè li ale Sendomeng. Men, li t ap viv Sendomeng» deklarasyon Gay Fredler ki te nan relasyon ak viktim nan.
Demane St-Felix te rankontre jèn gason an sou Fesbouk aprè plizyè tan ansanm prezime asasen an ta pral konplote avèk 3 lòt zanmi l pou te fè touye li pou yo ka pran lajan machandiz li te konn vin achte Ayiti.
Prezime asasen Gay Fredler te kontinye di: «Nou te pran 200 mil dola Ayisyen ak 1500 dola Ameriken. Anplis mwen menm, li te genyen 2 lòt nèg.»
Gay Fredler ki se sipèvizè nan Konpayi Devlopman Endistriyèl (CODEVI) nan Wanament avèk 3 kòlèg li yo te rive planifye krim sa nan entèval 9è aswè. «Mwen t al chèche li, mwen te di l mwen pral kote nèg yo. Aprè Junior te peze kou li, mwen kenbe li pou li pa fè mouvman. Kou l fin mouri, nou te kite kadav la nan zòn Diwo, komin Wanament. Aprè sa mwen ta pral bay yo 150 mil dola Ayisyen an, men m pa te ba yo 1500 dola Ameriken an.»
Paralèlman, aprè lanmò Demane St-Felix, prezime asasen yo te toujou ap fè lajan sou fanmi viktim lan, kote lapolis ta pral arete Gay Fredler nan komin Taba, presizeman Fleryo aprè li te fin pran 600 dola Ameriken epi 5 mil dola Ayisyen epi separe li avèk 3 lòt kòlèg li yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023