Lapolis nan zòn Fèmat arete nan aprèmidi dimanch 22 oktòb 2023 a, 3 avoka Joseph Félix Badio, ki se youn nan sispèk kle nan lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moïse la. Selon enfòmasyon yo, 3 avoka sa yo te al eseye pran anndan lakay li kèk prèv ki ta kont kliyan yo a.
Me Eddyson Alexandre avoka bawo Mibalè a, Me Marckenson Jean Charles ak Me Jeppson Limage ki se 2 avoka k ap fè estaj nan menm bawo Mibalè a se non 3 nèg lalwa sa yo ki enplike nan eskandal pou ta tante al efase kèk prèv enpòtan pou Joseph Félix Badio.
Kontrèman ak enfòmasyon yo ki di se telefòn, òdinatè ak lòt bagay enpòtan sitwayen yo t al eseye pran lakay Badio, yo menm yo fè konprann se rad yo te vinn pran pou kliyan yo a. Pandantan sa, moun nan zòn Fèmat yo yo menm te deside fè lapolis konnen avoka yo te anndan kay Badio a.
Pou kounya sitwayen yo nan men lapolis pou tout suit dosye sila. N ap raple kliyan yo a ki se Joseph Félix Badio aprè 2 lane nan mawon, lapolis te resi met men sou li nan Petyonvil jou ki te jedi 19 oktòb 2023 a, puiske selon rapò Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) li ta youn nan moun ki dèyè lanmò 58yèm prezidan Ayiti a, Jovenel Moïse.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023