Lapolis anonse jodi vandredi 22 mas 2024 la, yo arete 2 jèn fanm 18 lane nan zòn Lali. Daprè sa responsab Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik(CPRP) nan lapolis la fè kwè, 2 medam sa yo ta gen relasyon lanmourèz avèk manm gang ki nan viv ansanm yo.
Tchessy, ak Woodjina Delouis se non 2 jèn fanm sa yo lapolis la prezante kòm moun ki ta gen lyen ak gang. E selon detay yo bay 2 medam yo fèt youn aprè lòt nan dat 12 Jen ak 5 desanm 2006. “Lapolis Nasyonal Dayiti arete 2 jèn fi sa yo vandredi 22 mas 2024 la nan zòn Lali pou enplikasyon prezime yo nan aktivite kriminèl ki gen rapò ak gang Vilaj Dedye ak 400 mawozo”, daprè sa yo fè konnen nan yon nòt yo sòti jodi a.
Pi lwen, responsab yo nan lapolis la mansyone Tchessy ak Woodjina se 2 kouzin. Mete sou sa, yo revele tou yo jwenn sou youn nan telefòn sispèk yo divès mesaj ki ta fè kwè yo toulède gen relasyon lanmourèz avèk kèk manm gang nan viv ansanm yo tankou bandi nan 400 mawozo, Vilaj Dedye, Jerizalèm 9, Kanaran, Simon Pele ak Gran Ravin.
Pou kounya, 2 kouzin yo nan men lapolis annatandan yo pase douvan lajistis pou jije dosye yo a. N ap fè konnen, nan divès operasyon PNH la tanmen pandan dènye jou yo gen anviwon 8 bandi ki mouri nan afwontman ak yo, pami endividi yo nou jwenn chèf gang Mackandal ak Ti Greg.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024