Pandan divès vwayaj elikoptè dominiken yo fè an Ayiti yo, responsab lame ayeryen dominiken yo revele jounal Listín Diario gen anviwon 560 moun ki gentan retire kò yo nan peyi a. Sepandan, daprè deklarasyon konpayi ayeryen yo, malgre tout vòl yo sitwayen ayisyen pa gen otorizasyon pou vwayaje nan vòl sekou sa yo.
“Jeneral lame ayeryen Dominikèn nan, Mao Gómez Vásquez k ap dirije depatman sekirite ministè zafè etranjè te deklare gen anviwon 560 moun ki retire kò yo nan elikoptè“, daprè sa yo mansyone nan yon atik yo sòti ayè vandredi 22 mas 2024 la. Pi douvan yo fè konprann sitiyasyon an pi grav toujou pou resòtisan ayisyen yo.
Selon deklarasyon anplwaye konpayi ayeryen yo, ayisyen pa otorize pou anbake nan vòl sa yo ki gen Repiblik Dominikèn kòm destinasyon.
Paralèlman Listín Diario fè kwè, chif etranje ki kite peyi a te ka plis toujou, Men kounye a la divès konpayi poko ka antre nan biznis la akòz jwenn otorizasyon an toujou rete yon pwosesis difisil. Depatman Deta ameriken an li menm di gen 1 600 ameriken ki mande pote yo sekou an Ayiti, poutan se sèlman 30 moun pa jou ki ka ale.
N ap soulinye, rezon ki lakòz tout reta pou otorize plis konpayi ayeryen fè vòl yo, se ta nan lojik pou asire sekirite nasyonal Repiblik Dominikèn. “Pwosesis seleksyon yo nesesè sitou avèk evazyon prizon yo an Ayiti. Nou menm nou dwe aji avèk anpil pridans nonsèlman pou sekirite nasyonal nou, men tou pou responsablite entènasyonal nou“, selon pawòl minis zafè etranjè Sendomeng nan, Roberto Alvarez.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024