Depi lè kriz ensekirite ap monte a, divès peyi chwazi retire resòtisan yo nan peyi a atravè divès mwayen tankou elikoptè, ayè mèkredi 27 mas 2024 la, Lafrans fè konnen li retire 170 resòtisan fransè epi 70 Ewopeyen atravè yon elikoptè. Selon yon kominike pou laprès yo pibliye, moun sa yo ap gen pou vwayaje sou bato pou ale sou teritwa «Fort-de-France» ki sou titèl Lafrans.
Desizyon sa vini aprè anbasad Frans ak Pòtoprens te fè konnen l ap toujou kontinye travay epi mobilize pou l ka ede Fransè ki vilnerab nan peyi Dayiti. Sepandan, malgre kriz la an Ayiti responsab yo te fè konprann ministè zafè etranje ap toujou rete louvri nan lide pou reponn avèk bezwen sitwayen fransè annatandan ki an Ayiti yo.
Pandanstan, Lafrans atravè Ministè zafè etranje nan peyi li pa sispann dekouraje pou resòtisan li yo pou pa vizite Ayiti nan moman kriz sila, osnon yo konseye resòtisan yo pou siveye pi prè epi di y ap pran mezi ki nesesè pou garanti sekirite sila ki deja la yo.
Se konsa tou, peyi Kanada retire 82 resòtisan pa li, Pewou retire 8 sitwayen pa l ayè mèkredi a, Etazini retire plis pase 340 tout sa se akòz nivo ensekirite a. Pou moman sa, sitwayen kanadyen yo ak kèk Ewopeyen twouve yo Repiblik Dominikèn aprè responsab peyi pa yo te voye elikoptè dominiken vin pote yo sekou an Ayiti.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024