Nan yon rapò Biwo Nasyonzini pou Kòdinasyon Zafè imanitè yo(OCHA) mete deyò jodi jedi 28 mas 2024 la, yo fè konnen gen anviwon 200 000 timoun ki paka al lekòl akòz ensekirite a nan peyi a. Yo fè konnen, nan moman sa gen gwo menas pou sekirite lekòl ki nan zòn metwopolitèn nan ak sa ki nan Latibonit yo.
“Nan fen janvye a gen antou 900 lekòl ki te fèmen pòt yo pou yon ti tan, sa ki bay anviwon 200 000 timoun. Menas kont sekirite lekòl ki espesyalman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak nan pati nò Latibonit wo anpil“, selon sa ki di nan rapò a. Pi lwen yo fè konnen, nan atak kont lekòl frè No a nèg ak zam yo te rive 23 sal klas sa ki fè kounya la gen plis pase 1 000 elèv lekòl sa ki pa gen dwa ak edikasyon.
Pou sa ki gen pou wè ak grangou nan 8 rejyon peyi a, òganis la revele gen plis pase 125 000 timoun ki sou wout pou soufri gwo malnitrisyon (MAS) ane 2024 sa, se yon chif selon ki egal ak 19% anplis chif ki te gen deja yo. Mete sou sa, yo soulinye kounya la gen 1.64 milyon moun ki nan ijans pou ensekirite alimantè sevè(Faz 4 IPC).
N ap fè konnen, pandan vyolans gang yo an Ayiti, endividi yo kraze, piye, epi boule plizyè lekòl, keseswa lekòl klasik oubyen fakilte leta yo. Se yon sitiyasyon ki fè jounen jodi a majorite etablisman eskolè ak inivèsite pa fonksyone e pa gen yon dat pou louvri pòtay yo pou kontinye bay levasyon ak timoun epi etidyan yo.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024