Menas kowonaviris la gen enpak sou anpil aspè nan lavi nou. Nou te pale nan dènye nimewo a sou jan nou ka gen tandans pou sou presyon e panike pou tikrik tikrak. Lespri nou kapab twouble. Sa ka fè nou ap fè rèv ki ka twouble lòlòj nou. Rimè ki ap kouri pasi pala kapab bay panik tou. Sitiyasyon kè sote sa yo, se kondisyon menm ki ka mete absè sou klou. « Rete lakay nou, pa sòti » a, se yon nouvo ekperyans pou anpil nan nou. Nou p ap bliye raple chirepit ak pwoblèm dyak sou dyak, sa ka bay. Vyolans ka gaye pandan tout moun nan fanmi an rete youn ap gade lòt, kèk fwa nan yon ti espas tou piti. Se pou nou fè atansyon pou youn pa vle dechire lòt.Pou koze fè vye rèv lan, ki kapab fè yon moun ak antouraj li pè anpil. Rèv sa yo se konsekans sitiyasyon panik tout moun alawonnbadè genyen anndan sosyete a. Moun ki konsène yo pa bezwen pè pou sa. Si yon moun ta santi sa depase li, li kapab wè yon pwofesyonèl ki travay sou sante mantal tankou sikològ, travayè sosyal, kèk lòt pwofesyonèl sosyal oubyen enfimyè espesyal ki prepare pou sa. Nou konnen tou nan lantouraj ou gen kèk konseye ki kapab eseye ap di w kichòy sou kisa ou dwe fè nan moman sa yo. Kèk fwa gen palab ak palab, epi gen konsèy ak konsèy. Nan sitiyasyon sa yo tou ou kapab rakonte rèv yo a antouraj ou. Pwofesyonèl nan sante mantal sa yo p ap fasil anba pye w menm jan se pou sa moun bò kote w yo enpòtan pou pale ak yo. Konsa, nou ta renmen ba w yon bourad pou jwenn yon sèvis toujou . Sa se twòkèt lan chaj lan dèyè . Se nan telefòn sèvis sila ofri. Pawòl ou p ap vante, ap gen relasyon konfyans ant ou menm ak pwofesyonèl sila a k ap fè ti echanj avè w.Telefòn lan se 2919-9000, nan jou lendi jouk ka vandredi , depi dizè nan maten pou 2 zè nan laprèmidi.
Nan moman kowonaviris lan kontinye ap vale tèren anpil kote sou latè, li fasil anpil pou rimè kouri nan tout sans. Anplis lè se pawòl, imaj ak videyo k ap sikile sou teknoloji sa konn gen efè anpil sou nou jouska rive fè gwo dega. Nou ka gen tandans panse se laverite tou pi tout sa nou tande ak sa nou wè sou rezo sosyo.Youn di lòt kapab tòdye lòlòj nou tou. Se pou nou gen anpil bon konprann pou evalye yon enfòmasyon, yon mesay anvan nou reyaji. Yon rimè kapab gen anpil konsekans negatif sou desizyon nou ap pran. Kouman pou nou rive evalye mesay sa yo pou konnen si se bon zenzenn olye se zen? Li pa yon travay ou ka fè rapid rapid. Men li ta bon pou rete tèt poze. Chache wè si ou konprann nan entèlijans pa w. Jwenn lòt limyè pa twòp. Se konsa foumi fè travay li . Menm si moun rete lakay yo jan ofisyèl yo konseye sa, chache soude ak lantouraj ou kidonk ak kolòn ou p ap chaj . Se yon bon bagay pou chache sous enfòmasyon yo. Sa pa vle di poutèt anpil moun di yon bagay, li blije toujou laverite. Chache konnen pye ak tèt yon enfòmasyon, sa va pèmèt ou pi byen reyaji. Ou p ap pran ni bay kou sezi nan releye s ak pa sa.
“Rete nan kay, pa sòti”, pa ale travay, kapab pa fasil pou yon moun sipòte. Si yon moun pa fè anpil atansyon sa kapab koze anpil pwoblèm ak antouraj li. Jere timoun, manman, papa, patnè , konn debouche lè yo pase twòp tan ansanm sou gwo zen, konfli ak vyolans. Se pou nan sitiyasyon sa a, gen anpil bon sans pou evite vyolans ak move konpòtman nan mitan moun ki ap pase anpil tan nan kay yo. Nou retounen konseye w kontakte yon pwofesyonèl ki kapab oryante w pou jwenn antant lè gen chirepit ak vyolans. Ou ka apiye tou sou kèk moun ou yo respè, pou edew mete ola annatandan si w ta nan yon siyiyason ki mnade sa.
Groupe de professeurs FASCH
Hancy PIERRE et Josué VAVAL