Nan yon memorandòm sekretè Jeneral Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) mete deyò jounen ayè jedi 24 fevriye 2023 a, li mande pou chèf nan kou apèl nan plizyè rejyon, tankou Tribinal premyè Enstans Pòtoprens, Kwadèboukè, Okay, Okap, Gonayiv, Fò Libère epi Jakmèl pou anpeche jij ki pa sètifye yo.
CSPJ mande pou anpeche epi fèmen syèj sou tout jij ki plede vin pran plas nan jiridiksyon epi vin egzèse fonksyon yo kòm majistra.
«Nou pwevwa tout chèf nan jiridiksyon atravè memorandòm ki gen abilite pou pran tout dispozisyon nesesè epi sezi fòs piblik nan lide pou rekirepe materyèl ak ekipman yo ki nan men majistra ki pa gen sètifika yo» daprè sekretè jeneral la.
Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a kontinye pou li ajoute «N ap tann yon rapò ak suivi nan entèval 8 jou pou pita epi pou l pibliye.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post