Nan dènyè dokiman divès pati politik ak manm Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an pibliye ayè dimanch 7 avril 2024 la, yo presize ki misyon premye minis tranzisyon an. Li pral gen pou l jwenn nominasyon l nan men konsèy prezidansyèl la, divès lòt sinyatè estrikti politik ak sosyete sivil nan peyi a.
«Premye minis tranzisyon an dwe gen konpetans nesesè. Li dwe gen yon pwofil ki montre l pa gen patizan epi reponn ak kritè nou etabli yo. Li pa pral gen dwa patisipe nan pwochen eleksyon yo tou», se sa n ka li nan dokiman aktè sila yo bay Kominote karayib (CARICOM) la.
Sou lòtbò, premye minis lan ak konsèy prezidansyèl Tranzisyon an pral gen pou chwazi manm k ap gen pou fè pati kabinè ministeryèl yo. Y ap fè sa a pandan y ap respekte tout kritè ak mekanis ki deja etabli pou sa fèt yo.
Boutofen, sektè ki siyen akò politik ak sosyete sivil la pral gen pou pwopoze yon lis moun ki konpetan. Moun sa yo pral kapab fè pati konsèy ministeryèl la epi respeke plan aksyon gouvènman an.
N ap raple n, gwoup gang “Viv ansanm” ki gen nan tèt li Jimmy Cherisier alyas Babekyou fè konnen, atravè yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo, se pou yo sou tab tout desizyon k ap pran nan peyi a osnon se sou fyèl yo pou yo pase pou yo enstale Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023