Nan yon dokiman yo pibliye ayè dimanch 7 avril 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) fè konnen depi nan 3 premye mwa yo y ap kòmanse travay sou eleksyon k ta dwe genyen nan peyi a. Nan peryòd tan sa a, yo fè kwè y ap nonmen yon konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) k ap gen 9 manm ladan l.
Daprè sa yo di, Konsèy elektoral pwovizwa sa ap fèt ak yon reprezantan nan divès sektè. Manm yo ap reprezante Kominote vodou a, konferans episkopal, kilt refòme, konsèy inivèsite, òganizasyon defans dwa moun, asosyasyon jounalis yo, asosyasyon defans dwa fanm, asosyasyon peyizan yo, ak sendika yo.
Pou sa a ki gen pou wè ak wòl yo, yo eksplike manm KEP yo ap gen pou evalye enstitisyon elektoral yo, sistèm yo, resous moun ak materyèl, pwosesis vòt yo ak dokiman idantite yo nan tèt kole ak Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI). Yon lòt kote, y ap gen pou fè refòm nan kesyon dwa vòt e ap gen pou prepare dekrè ansanm ak kalandriye elektoral la, selon konnsansis k ap gen ant pati politik yo, aktè nan sosyete sivil yo.
Nan menm dokiman sa a ki pote non “_Akò Politik pou yon tranzisyon pasifik epi nan lòd_“, yo prevwa pou gouvènman tranzisyon an tabli lajistis nan respè manman lwa peyi a. Pou sa a rive fèt, yo di y ap mete sou pye yon pakè finansye nasyonal espesyalize pou jere dosye ekonomi ayisyèn nan. E yo di tou y ap mete yon enstans k ap voye je anndan administrasyon piblik la ak lòt enstitisyon otonòm yo pou ankete sou divès krim ki fèt nan sosyete a.
«Gouvènman tranzisyon an ap fè ekonomi an tounen priyorite l, asenisman anviwonman an rekanpe enfrastrikti yo, sistèm jidisyè a, administration piblik nan mannyè pou lite kont koripsyon ak enpinite », selon sa yo eksplike sou chanjman yo kwè ki ta dwe fèt yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023