Nan yon nòt byen louvri Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la mete deyò jounen jodi vandredi 11 novanm 2022 a, kote li fè konnen, li mete sou kote komisè gouvènman pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant pou rezon koripsyon ak lòt bagay ankò yo repwoche li anndan pakè pòtoprens lan.
Selon Minis Jistis ak Sekirite Piblik(MJSP), Mèt Berto Dorcé :«Li repwoche pou fot administratif grav apati atik 188, ki chita sou dekrè 17 me 2005.»
Minis jistis defakto, Mèt Berto Dorcé te kontinye pou li ajoute : «Premye minis Ariel Henry pataje avèk mwen yon nouvèl plent kont ou. Kidonk, dosye sa ajoute sou ansanm denonsyasyon sou koripsyon ak zak malonèt epi gwo ponyèt w ap fè anndan enstitisyon an.»
Nan minit n ap pale la, ansyen komisè Okay Mèt Ronald Richemond, se aktyèl nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan, selon minis Jistis ak Sekirite Piblik Mèt Berto Dorcé.
Pandanstan, n ap raple Minis Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP), Mèt Berto Dorcé, se youn nan moun peyi Etazini koupe viza li, men ki kontinye ap evolye nan fonksyon li epi k ap revoke moun pou zak koripsyon.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022