Saturday, April 1, 2023
  • Login
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Éditorial

Kiyès ki te ka panse se lajan ayisyen ki finanse konstriksyon Touyefèl la?

Franciyou Germain by Franciyou Germain
1 June 2022
in Éditorial
0
Kiyès ki te ka panse se lajan ayisyen ki finanse konstriksyon Touyefèl la?
0
SHARES
108
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Pòtoprens, lendi 30 me 2022._ Ayiti pa te janm gen bon relasyon ak peyi Lafrans pandan 3 syèk ki sot pase la yo. Dayè se te toujou yon relasyon peze souse, yon relasyon ki baze sou vòl, zak maspinay, zak rasis epi relasyon mèt ak esklav.

Menm nan tan modenn yo, anyen pa chanje, men yo jis kenbe nou nan mizè pou nou pa janm ka leve tèt nou gade yo, Kòmkwa y ap fè nou peye tout frekansite, paske nou te chase lame Napoleyon an 1804, pi gwo fòs militè ki te egziste nan monn lan, kote nou te rive kreye nasyon sa. Nou kapab di fransè yo te toujou la, yo pa te janm ale vre. Yo te fè yon fason pou yo toufe ekonomi nou an nan lide pou nou ka toujou depann ak yo. Anplis, nou eritye lang fransè a ki koze divizyon nan mitan nou, tankou sila nou rele moun sòt akoz yo paka pale lang fransè a epi ti entèlektyèl tèt anfle k ap bat lestomak yo pandan yo toujou gen chenn esklavaj la nan tèt yo.

Daprè yon gwo kokennchenn ankèt ki mennen pa 4 jounalis ameriken ki te sòti nan jounal New York Times semenn pase, se Lafrans ki te toufe ekonomi peyi Dayiti depi lè li te kòmanse ap aprann mache pou kò li.

Selon plizyè jounalis, tankou Catherine Porter, Constant Méheut, Matt Apuzzo epi Selam Gebrekidan, 21 lane aprè ayiti fin pran endepandans li, yon pakèt gwo bato lagè peyi Lafrans ki te gen 500 kanno sèklè Ayiti epi bay li gwo presyon sa kòm Ti pèp nwè: “ Oswa nou peye yon gwo sòm lajan pou dedomaje ansyen mèt esklav yo, akoz nou te met dife nan plantasyon yo epi chase yo oswa bato sa yo redui ti peyi sa an sann”.

Dirijan Ayisyen yo te prèske pa te gen lòt chwa ki se peye lajan sa, paske konsekans lan te kapab malouk pou nou. Anplis, yo pa t ap ka rantre nan komès entènasyonal san alye osnon tout lòt peyi yo t ap ba nou do. Kidonk, nou te oblije peye gwo bout lajan sa, yon dèt istoryen yo rele “Dèt lendepandans”.

Premye vèsman an te vo 6 fwa lajan gouvènman an te rasanble kòm richès an 1825, epi wa Lafrans lan nan epòk sa “Charles X”, te double santans lan, lè li te mande reprezantan l lan pou li fòse gouvènman ayisyen an prete lajan nan bank fransè yo pou yo te fin peye dèt sa, yon fason pou yo te toufe ekonomi ayisyen an nèt. Se nan sans sa jounalis yo rele li zak kriminèl, Kòmkwa “Yon dèt ki double”, oubyen si nou ta vle di pi klè “Yon sigarèt ak 2 pwent”. Nenpòt jan an ou paka fimen l, l ap boule w kanmenm.

Men ala kolon mechan !

Selon yon estimasyon anketè “New York times” fè parapò ak sijè sa, konbyen lajan Lafrans te fòse dirijan ayisyen bay yo, yo estime montan lajan sa ka 569 milyon dola vèt. Men, yo di si y ap konte defisi ki fèt akoz gwo lajan sa Ayiti depanse san li pa te dwe yo a, yo evalye li ak plis pase 21 milya dola ki ta kapab bay nou: lekòl, lopital, bon jan wout menm jan ak Sendomeng. Kidonk, se youn nan pi gwo krim ki fèt sou yon ti peyi ki te fenk ap derape aprè endepandans li.

Youn nan bank nan epòk sa ki te tire anpil pwofi nan lajan sa, li te rele kredi endistriyèl ak komèsyal, youn nan bank ki te finanse konstriksyon gwo moniman ki rele Touyefèl nan peyi Lafrans k ap rapòte anpil lajan chak ane nan koze touris jiska jounen jodia. Kidonk, youn nan grenn moniman ki pi popilè nan peyi Lafrans lan konstri nan koripsyon, nan zak gwo ponyèt sou yon ti peyi kou Ayiti.

Peyi Lafrans pa te janm zanmi nou osnon li p ap janm zanmi Ayiti parapò ak gwo souflèt libète n te rache anba men li.

Malgre jounen jodia, yo toujou prezan ak eksplwate nou sou yon lòt fòm atravè enjerans yo ak sant kiltirèl ki rele enstiti fransè olye yo fè li sou fòm gwo ponyèt.

Sant kiltirèl sa la pou li asire nou toujou kenbe lang fransè a, lang baryè sosyal la, lang ki fè nou pa respekte sila ki pa al lekòl yo, lang prejije a, elatriye.

Enstiti fransè sa la tou, pou li fòme ti jenn entèlektyèl nan sans sa yo, se kòmsi chenn lan sòti nan men yo ak nan pye yo, menyo plase li nan sèvo yo. Kote anpil nan yo souvan demake yo atravè konsyans patriyotik yo epi oze pale relasyon peyi Lafrans ak Ayiti mal, jenn ti entèlektyèl sèvo trafike sa y ap sòti pou yo manje w. “Pa pale mèt la mal, pa pale kolon yo mal” se sa yo ap di w nan langaj pa yo, nan lang fransè amelyore a.

Men nou menm ayisyen, si nou pa fin tounen zonbi nou ta dwe retounen nan demach “Reparasyon ak Restitisyon” gouvènman lavalas la te lanse sa gen plis pase 20 an. Menmsi nou p ap janm glorifye ansyen prezidan Jan Bètran Aristid pou atitid diktatè ak metòd distribye zam bay sivil nan geto yo, men se pa yon rezon pou n pa apiye yon demach konsa, kote nou kalifye ki se yon “Devwa istorik ak mounite”.

Se pou peyi Lafrans dedomaje pitit esklav yo pou tout mal li te fè yo, plis pase pandan anviwon 200 an oswa yo remèt nou Touyefèl nou, moso pa moso, bout fè pa bout fè, ti miyèt pa ti miyèt.

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 883
Previous Post

Un mort et deux blessés dans une attaque armée contre un autobus à Martissant

Next Post

Un cinquième juge désigné pour mener l’enquête sur l’assassinat de Jovenel Moïse

Franciyou Germain

Franciyou Germain

Fondateur du Groupe Média MAGHAITI Fondateur de l'Association Haïtienne des Médias en Ligne Journaliste, photographe, graphiste, vidéaste, webmaster, gestionnaire, infopreneur

Next Post
Un cinquième juge désigné pour mener l’enquête sur l’assassinat de Jovenel Moïse

Un cinquième juge désigné pour mener l'enquête sur l'assassinat de Jovenel Moïse

Discussion about this post

Suivez-nous

Articles populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • « Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas », dixit Michel DeGraff

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2021

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Une erreur de la DCPJ affecte gravement la vie du professeur Auriole Antoine

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Blondedy Ferdinand : accusée d’avoir volée la chanson de Karol G

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

A propos

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production. La société a pour mission de former et d’informer la population. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, nous avons pour objectif essentiel de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Recent News

Ariel Henry enfòme moun pral ka pran randevou anliy pou demann paspò ak Kat idantite

Ariel Henry enfòme moun pral ka pran randevou anliy pou demann paspò ak Kat idantite

1 April 2023
Prezidan RANAMSAP la denonse gouvènman an ki pa amelyore lavi madan Sara yo

Prezidan RANAMSAP la denonse gouvènman an ki pa amelyore lavi madan Sara yo

1 April 2023
Nouvo masak nan Bèlè : Gwo akizasyon peze sou do lapolis ak gang G9 an fanmi e alye

Nouvo masak nan Bèlè : Gwo akizasyon peze sou do lapolis ak gang G9 an fanmi e alye

31 March 2023

RSS T-check Haiti

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert
  • Désintox : non, La Cour suprême des États-Unis n’a pas annulé la vaccination universelle
  • Désintox: pas de preuve pour certifier que Robert Harry Bretous est toujours vivant
  • Accueil
  • Politique
  • Société
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In