Nan yon sosyete tankou Ayiti, nesesite ekonomik konn pouse sila ki nan klas ki pi defavorize yo chache mwayen pou yo ka pote solisyon ak yon bezwen ijan yo genyen. Nan sans sa, fenomenn plann lan sèvi kòm altènativ pou penmèt yon kategori rantre lajan kote li kenbe bagay pou sila ki nan nesesite ak bezwen ekonomik. Responsab plann lan konn rive debloke moun sa ak lajan, pandan li resevwa yon objè valè pou garanti moun lan ap retounen l lajan an ak enterè ki te prevwa.
Nan yon rankont ak yon biznisman, nou te eseye chache konprann fenomenn sa.
Nan enpas ridore nan kafoufèy, Léonel Sydney, ki gen ti non jwèt Papa Bit, genyen plis pase 10 lane depi l ap evolye nan milye sa. Mesye sa ki genyen 51 lane, pa te kache n pou li di n koze plann lan se plis moun ki nan nesesite ekonomik ki fè li pou reponn koze dèt, sante, lekòl, manje, elatriye. Men konsa tou, ou konn jwenn kèk jenn ki vin plane pou koze pwogram, jwe aza, pou l al nan otèl, elatriye. “Byen avan m t ap fè kou fizik nan lise kafoufèy. Men, an 2012 m te deside bay vag pou m al f on lòt aktivite se konsa nan kenbe wòkmann, tenis ak lòt, m vin tou kanpe koze plann la, kote se ak li m ap viv epi reponn bezwen fanmi m”, se sa li fè nou konnen.
Nan moman n t ap pale a, plizyè jenn gason t ap pote fich bay li wè epi vin dèyè objè yo mete nan plann lan.
Yon chwa ki gen plizyè rezon dèyè l
Jan nou te di li deja, moun ki nan bezwen al mete bagay yo posede nan plann pou plizyè rezon. Milano Sainthuma kòm pratikan te reponn pou li di ” lè w plane objè w, li ba w yon santiman fyète olye ou t al prete nan men yon moun k ap vin frape pòt ou, se poutèt sa anpil moun achte bagay ki gen valè ki souvan nan lide pou yo plane lè yo bloke”.
Li ajoute, pwovèb ayisyen an ki di ” Baton w genyen se ak li w pare kou”. Kidonk, plann ka ede w sove lavi w epi li kreye yon rapò sosyal ak sichik.
Judson ki se yon jèn etidyan, pa kache di nou kòman al mete bagay li genyen nan plann konn sove l. “Pafwa konn genyen yon pwogram ki cho mwen anvi ale oubyen yon bagay mwen bezwen achte, si mwen gen espwa mwen ap jwenn kòb la ebyen mwen al plane yon bagay pou m ka jwenn lajan mwen bezwen an”, se sa li revele li nou. Menm si li konfye nou pafwa respekte angajman an konn pa fasil. “Ou konn genyen yon kòb nan men w pou ou al fè yon bagay enpòtan, men pafwa ou oblije al peye pou ou ka rekipere objè w la”.
Fason lalwa an Ayiti wè plann
Granmoun an Ayiti toujou di se règleman ki bat kòk. Nan sans sa nou te chache konnen Kijan lalwa nan peyi isit wè koze plann lan.
Selon Rendiche Merole, lisansye nan dwa pòtòprens ” nan kesyon jiridik, lalwa rele l gaj ki se yon fòm kontra nan mitan 2 moun, youn ki se debitè oswa gaj, lòt la ki se kreyansye oubyen garajis. Debitè a plase yon objè nan men yon kreyansye pou li reprann li- l ap mete yon diplis sou kòb li te resevwa an fonksyon tan li fè nan men garajis la “. Li kontinye pou l di, gen yon diferans ant gaj komèsyal ak gaj sivil. Kote gaj komèsyal se tout gaj ki fèt pa yon moun ki komèsan oswa ki pa komèsan pou yon aktivite komèsyal. Poutan, gaj sivil se tout aktivite ki pa respekte premye fòmalite, kote w pa konn enterè li.
Pa genyen plann san enterè. Men enterè sa pral depann ki gaj li ye, si li se yon gaj sivil oubyen komèsyal. “Anpil fwa ki souvan nan to 25% ak 30% remèt”, se sa Rendiche Merole di nou.
Anpil fwa rapò mèt plann lan ak moun ki vinn mete objè nan plann lan konn pa twò bon. Sa konn rive lè antant yo pa respekte.
“Fòk nou di w koze plann lan rantre nan kad dwa kontraktyèl, selon atik 90 ak 95 kòd komèsyal Ayisyen an. Sa ka lakoz sila ki gen tò a pase 2 mwa ak 6 mwa prizon. Konsa tou, lalwa bay dwa ak sila plann lan pou li revann tout objè ki pèdi osnon ki pa respekte delè 90 jou a”, se sa avoka a eksplike.
Kòm kesyon plann mande anpil responsabilite, lalwa rekonèt se moun ki genyen 18 pou rive 60 lane ki ka rantre nan kesyon plann.
Nicolas Colson
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2022