Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Kijan medya yo patisipe nan rann bandi yo sipèsta?

Mag Haiti by Mag Haiti
June 16, 2022
in Société
0
Chèf gang Tòsèl la Vitèlòm nan konferans pou laprès madi 14 jen 2021 an

Pòtoprens._ Jounen 15 jen 2022 an. Li fasil pou moun ki gen bon sans konprann sa k ap pase nan peyi a jounen jodia. Moun nou rele bandi yo ap taye banda! Bandi sa vle di se moun ki an sivil men ki gen gwo zam fann fwa nan men yo ak moun k ap finanse yo, pandan y ap simen laperèz ak achte peyi a lajan kontan.

Pou kounya, nou ka di chak komin ki kole ak kapital la gen plizyè chèf gang k ap dirije yo epi bale wouze jan yo vle, puiske yo fè sa yo vle, sitou touye, kidnape, fè kadejak sou moun yo vle, elatriye. Pa gen okenn moun ki ka sèvi yo barikad pandan y ap fè zak malonèt sa yo. Jan moun yo konn di a: “Peyi a livre ak pouri ak gang”.

Nou sezi wè ayè madi 14 jen an, kijan yon ban n ak yon pakèt medya anliy te nan konferans pou laprès sa andirèk pou n site sa yo: SS Demaske, Radio Télé Actualité, Nouvelle Nationale 9, Tanbou Verite, Diego Radio a, Jouda TV, Lakayinfo, Créole Promo SP, MAB-TV elatriye. Anpil nan yo te patisipe nan chita pale ak chèf gang Tòsèl la Vitelhomme, pandan li menase li pral bloke komin Taba si gouvènman an ak ansyen manm opozisyon an pa vin negosye avèk li. Kote li bay yon iltimatòm 3 jou pou dirijan yo mache sou li osnon anwo p ap monte ni anba p ap desann.

Sa ki te pi etone nou, nan kòmansman konferans lan, chèf gang lan atake medya ki gen menm liy editoryal avèk nou, ki pa deside bay bandi lapawòl ni atire pwojektè pou fè vedèt oubyen manipile sak pa gen bon konprann yo.

Sa etone nou anpil pou jounalis yo pa koupe pati sa ki reprezante yon menas pou nou nan sektè medya a, ki reprezante tou yon tantativ pou mete baboukèt nan bouch nou. Men se byen konte ak mal kalkile, koz n ap toujou denonse bandi yo ni moun k ap sipòte yo.

Malgre sa se 2 medya anliy ki plis atire atansyon nou ki se Tripotay Lakay ak Machan Zen Haiti parapò ak odyans yo ki anviwon 2 milyon moun k ap swiv yo sou Youtube ak Facebook. Kidonk, odyans lan gran anpil anpil, nou paka kite medya sa yo ap jwe jwèt bandi yo se tankou nou te ka ki te yon timoun ap jwe ak yon kouto tou.

Pandan sa nou konprann nan konferans sa, Vitelhomme vann tèt li tankou yon politisyen ki t ap goumen ak ansyen opozisyon an ki kounya vin pran pouvwa a epi ki vle mete li ak kote. Nan menm konferans sa, li vle montre- li tou pwisan. Li di l gen moun tout kote nan palè Nasyonal, nan Primati, nan Lapolis Nasyonal, sa vle di li entouchab. Li itilize medya ki te prezan yo pou li anonse masak ak dega li gen pou l fè nan jou k ap vini la yo. Anplis, li di l ap met pye l atè an granmoun sak pa byen ranje kò yo.

Kòman pou yon bann medya aksepte patisipe nan yon kanpay entimidasyon konsa? Ki liy editoryal medya sa yo? Kisa ki nan tèt mèt medya sa yo? Sa yo se kesyon nou ta dwe poze tèt nou pandan n ap ankouraje nou pote plent pou tout videyo kote bandi ap fè lavaj sèvo pou popilasyon an.

Nan sans sa “Mag Haiti” kanpe an zewo tolerans, nou pa sipòte ni ti bandi pye blanch ni bandi a kostim ni bandi legal ni medya k ap mache bay bandi pale, elatriye. Pou nou, koze bay bandi pale sa reprezante yon kansè ak gwo danje pou peyi a. Kidonk, sa pral pran anpil tan pou nou rive repare tout dega jounalis sa yo komèt nan opinyon piblik la.

Konferans pou laprès chèf gang Lanmò 100 jou nan baz li nan kwadèboukè (Septanm 2020)

Kijan koze bay bandi pwojektè a te kòmanse?

Fòk nou onèt ak tèt nou, se pa jounalis medya anliy yo ki kòmanse ak vye pratik sa. Se pito moun popilasyon an rele ”gwo jounalis” yo, k ap travay nan gwo radyo nan kapital la ki konn abitye rele bandi an dirèk lè gen yon gwo evenman nan zonn y ap kontwole yo.

An n pran egzanp, avan zonn Matisan tounen sa li ye jodia, jounalis Bob C k ap travay pou Radio Caraïbes te fon ti koze ak chèf gang ki rele “Kris La”, paske kriminèl sa fò nan manyen zam. Nan dènye bout konvèsasyon an, Bob C te di Kris La bay lapolis yon konsiltasyon gratis, yo dwe mete an aplikasyon. Sa se yon modèl deriv san parèy ki fè bandi sa santi li son moun espesyal.

Nou ka pran lòt egzanp tou nan kad mobilizasyon pou voye prezidan Jovenel Moise ale, ansyen jounalis vedèt Radio Zénith FM ki te direktè jeneral medya sa tou ki rele Mèt Morin, te konn rele an dirèk kèk bandi, sitou Ti Lapli nan Gran Ravinn oubyen Arnel Joseph nan Vilaj Dedye pou mande yo: “eske yo pa deside patisipe nan batay la?“. Sa ankò se vye pratik ki vin fè kriminèl yo panse yo enpòtan nan sosyete a ak panse yo sou bon chemen an.

Plen lòt egzanp nou te ka site la, tankou jounalis endepandan Guerrier Henry, ki toujou ap rele bandi an dirèk nan emisyon: “Boukante Lapawòl” sou Radio Méga nan kad ankèt li konn ap mennen aprè yon evenman.

Mesyedam medya anliy yo, yo menm ki parese tankou koulèv ki bwè kleren, pran menm intèvyou sa yo epi mete l sou paj “YouTube” pa yo pou yo fè lajan. Toutotan gen plis moun ki mouri, toutotan gen gwo deklarasyon ki choke piblik la, toutotan gen deblozay nan laria a, zen bal pete… se toutotan y ap fè lajan, paske gen plis moun k ap vin gade videyo sa yo. Se sa nou rele “SANSASYON” nan langaj jounalis la. Pi fò medya anliy yo- yo renmen sansasyon, se la yo jwenn lajan, paske konpayi ki rele Google la peye yo pou chak moun ki vin gade videyo sa yo.

Chèf gang Vilaj Dedye a Izo ki t ap fè entèvansyon nan yon medya nan kapital la

Sak pi mal la Ayiti pa gen okenn lwa sou koze entènèt, jounalis medya anliy yo lage tankou ti kabrit san mèt.

Genyen ki pa menm pase yon jou lekòl jounalis epi yo transfòme tèt yo an jounalis teren. Depi moun lan achte yon telefonn dezyèm men, ki ka koute anviwon 10.000 pyas ak bay enprime yon baj pou 100 goud anba lavil, li kreye yon paj Facebook… Sa n tande a, li transfòme tèt li an jounalis, l ap antre nan tout dosye li pa metrize, l ap fè difamasyon, l ap voye monte san li pa respekte okenn règleman nan metye a.

Fòk nou di tou, se pa tout paj ki kalifye pou fè lajan sou Youtube ak Facebook, fòk nou konn pwosesis pou n antre nan sa. Akoz move lavi nan peyi a, anpil jenn ki rele tèt yo jounalis lage nan laria an grenn 5 pou yo jwenn lamanjay.

Genyen ki p ap deplase san yo pa grese men yo, gen anpil tou k ap travay ak bandi, genyen ki tounen pon lè n bezwen antre an kontak ak bandi. Men, gen kèk grenn atè a ki onèt, ki pa nan manje lajan sal, men k ap mache ak yon lidè, puiske bouch yo fann fòk yo manje.

Pa bliye nou toujou ap denonse jounalis ki pran plezi al nan konferans pou laprès ak bandi yo, jan nou toujou fè l lè paj yo andirèk, sitou nan konferans gwo chèf gang, patikilyèman “Lanmò 100 jou” nan kwadèboukè, Babekyou nan ba Dèlma, Izo nan Vilaj Dedye, Odma nan Latibonit, elatriye. Se jounalis yo menm ki transfòme mesye sa yo an sipèsta, yo fè entèvansyon lè yo vle sou tout dosye epi gras ak medya yo, yo vann tèt yo tankou revolisyonè tandis ke se yo ki bouwo pèp la.

Konferans pou laprès chèf gang Jimmy Cherizier Alyas Babekyou, pou l revandike zak dechoukay yo (mwa jen 2021)

Nou ka konprann poukisa jounen jodia yon kriminèl tankou Izo ap vann tèt li kòm atis, anpil moun nan Endistri mizikal la ap mache avèk li. Paj towo sa chaje ak ti jenn k ap kòmante epi pataje mizik li yo. Li ta swadizan tounen yon idòl, paske medya yo ba li ora, poutan sosyete a refize pini misye kòmsadwa.

Yon lòt kote nou gen ayisyen k ap viv nan lòtbò dlo ki anvayi domenn lan tou. Ka pa yo a diferan, paske yo gen ti mwayen nan men yo deja pou yo rekrite 2 oubyen 3 ti jenn an Ayiti epi transfòme yo an jounalis nan chèche enfòmasyon pou yo.

Anpil nan mèt paj sa yo souvan pa gen okenn fòmasyon nan metye a, sa ki vin fè pa yo paka fè diferans ant rimè ak verite, yo paka fè yon ti ankèt pou kò yo oubyen Yon bon evalyasyon sou sa yo bay yo a. Sak fè yo lage nan bay move nouvèl (Fake News). Ou ka popilè tou, men pa pase modèl medya sa yo, paske yo rive jwenn yon gwo odyans apati sansasyon y ap kreye yo. Malgre yo pa rive panse ni konprann dega enkonpetans yo ap genyen sou sosyete a.

Kidonk, nou di anpil koze ak devwale anpil verite anpil lòt moun ka pa vle di, paske yo gen enterè yo nan sa k ap pase nan peyi a.

Ou menm kòm sitwayen konsekan ki sa w deside fè nan kad batay kont kriminalite ak koripsyon k ap ravaje peyi a pandan bon bout tan?

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 10,253
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Tags: AsasenAyitiBabekyouBandichèf gangchèf gang; Babekyou; Izo; Lanmò 10 jou; Ti Lapli; KrisLa; Vitelhomme; Bandi; gang; Asasen; Ayiti; KidnapinGangIzoIzo 5 secondesKidnapinKris LaKrislaLanmò 10 jouTi LapliVitelhomme
Previous Post

Le Palais de Justice contrôlé par des bandits depuis plusieurs jours

Next Post

Willot Joseph accuse Rony Célestin dans l’assassinat du journaliste Néhémie Joseph

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Willot Joseph accuse Rony Célestin dans l’assassinat du journaliste Néhémie Joseph

Willot Joseph accuse Rony Célestin dans l'assassinat du journaliste Néhémie Joseph

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,364)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,877)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,983)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,785)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?