28 oktòb ki sot pase a te make jounen entènasyonal lang ak Kilti Kreyòl. Pa bò isit, kesyon sou lang Kreyòl pa janm sispann fè gwo deba epi mete diskisyon sou itilizasyon li nan vi pèp ayisyen. Nan okazyon sila, Guy Gérald MENARD, Pwofesè Kominikasyon Kreyòl nan Inivèsite Leta a epi Sekretè Jeneral nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) te envite pou reponn kesyon sa nan emisyon TOP HAITI maten samdi 2 novanm pase a.
Pou pwofesè a, sitiyasyon lang Kreyòl la trè pozitif pandan li rekonèt gen anpil travay ki rete pou fèt. «Jan sosyete a asepte lang Kreyòl la, epi lè nou gade devlopman lang lan, mwen kwè nou deja fè yon gwo bout chemen. Gen yon pakèt batay ki mennen depi kèk lane pou yo etabli lang Kreyòl la tankou lang ofisyèl peyi a akote lang franse apati konstitisyon 1987 la ». Se menm konstitisyon sila te mande pou gen yon akademi Kreyòl nan peyi a. Yon enstans ofisyèl ki chaje l de tout kesyon ki gen pou wè ak lang lan. Akademi sila rive tabli nan lane 2014.
Misyon AKA se:
- Veye dwa lengwistik ayisyen yo
- Fè pwomosyon lang Kreyòl la
- Ankouraje pwodiksyon nan lang lan
Avèk eksplozyon rezo sosyal yo, kote gen moun ki pran plezi fè fot nan lang lan, akademisyen yo vin gen plis travay pou yo fè. Pou sa gen divès aktivite, selon Guy Gérard Ménard, AKA mete sou pye. Tankou konferans, ankouraje ekriti Kreyòl la nan tout domèn, fòmasyon pou pwofesè ak jounalis yo. Gen akademisyen ki menm travay ak palmantè yo nan ede sekretè yo nan pawòl yo.
Sou koze enstitisyon leta yo ki pa vle fè papye ofisyèl yo an kreyòl, pwofesè a rekonèt feblès ki gen nan domèn sila kote menm ministè edikasyon nasyonal konn fè fot nan kèk afich. «Nou toujou fè pledwaye pou lang Kreyòl la nan mitan òganism leta yo. Nou fè presyon sou yo pou yo fè dokiman an kreyòl. Nou pa gen twòp mwayen nan men nou pou nou egzije yo fè sa. Se presyon nou ka mete sou yo», pwofesè a ki toujou ap pale.
Nan emisyon TOP HAITI a ki pase sou antèn 104.7 FM ak sou tunein Radio D’S chak samdi maten soti 8è pou rive 10è nan jou 2 novanm lan, Pwofesè Menard te pwofite entèvni nan Lokazyon Selebrasyon Jounen Mondyal Lang ak Kilti Kreyòl ki fèt chak ane, 28 oktòb. Kote Jounen sila pi fasil rezime ak yon jounen pwovèb melanje ak vilgarite. Pou akademisyen an, «Pwovèb pa vilgarite. Se tout yon ramasaj sajès popilè ki reponn ak diferan sitiyasyon nan reyalite a. Si n ap pran tout sitiyasyon peyi a ap viv, se nòmal pou n jwenn vilgarite a». Guy Gérald Menard pwofite mete pwojektè a sou diferan sant kiltirèl k ap boujonnen nan peyi a. Sant kiltirèl sa yo favorize anpil kreyasyon nan lang Kreyòl la. «Vilgarite a se de, twa moun ki pa alèz, ki gen pwoblèm ak idantite tèt yo, ki vle pase lang lan nan derizyon», opinyon Guy Gérard Ménard.
Pwofesè Guy Gérald Menard gen yon bèl pase nan divès enstitisyon nan peyi a. Li bay yon koutmen nan pwogram alfabetizasyon an. Aktyèlman, l ap anseye Kominikasyon Kreyòl nan inivèsite leta a.
© Tous droits réservés – Groupe MagHaiti 2019