Joverlein Moïse pa te pran tan pou reponn prezidan Gustavo Petro ayè jedi 22 septanm lan. Pitit prezidan ayisyen an deklare sou kont Fesbouk li “li pa aksepte eskiz“.
“Nou vle, nou bezwen e nou egzije jistis ak repons” se sa premye pitit gason prezidan Jovenel Moïse la fè konnen nan yon nòt li sòti ayè Jedi 22 septanm lan. Nòt sa sòti aprè deklarasyon nouvo prezidan kolonbyen an kote li te mande pèp ayisyen an padon pou zak asasinay mèsenè kolonbyen yo te fè sou prezidan Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021 an, lakay li Pèleren 5.
Nan menm nòt sa, Joverlein Moïse fè konnen li menm ak ekip legal li ap chèche repons nan sa ki gen rapò ak lanmò papa li.
“Sa nou konnen sou patisipasyon konpayi ameriken Counter Terrorism Unit(CTU)a? Ki moun ki te kòmande asasina a? Poukisa ?” Se kèk kesyon ekip Joverlein Moïse la poze nan nòt la epi sanble poko gen repons ak yo.
Nan sa ki gen pou wè ak ankèt lanmò 58yèm prezidan ayisyen an, chèf konpayi ameriken an, venezelyen Antonio Intriago Valera te demanti jou ki te mèkredi 4 dawout 2021 an, tout enplikasyon li nan dosye lanmò prezidan ayisyen an. Alòske nan menm deklarasyon sa chèf konpayi a fè konnen “kolonbyen yo te angaje kòm sekirite pèsonèl prezidan an” daprè sa Rezo Ayisyen Enfòmasyon (RHINEWS) te rapòte.
Ansyen prezidan kolonbyen an, Iván Duque te deklare nan radyo La FM nan peyi kolonbi “gen yon pati nan mèsenè yo ki te gen plis detay sou operasyon ki antoure lanmò prezidan ayisyen an”. Mete sou sa Direktè polis kolonbyen an, Jorge Luis Vargas, nan bò pa li nan yon konferans pou laprès jou ki te jedi 15 jiyè 2021 an, te rekonèt Germán Rivera ak Duberney Capador 2 sitwayen kolonbyen te enplike nan planifikasyon ak òganizasyon zak ansasinay Jovenel Moïse la, daprè sa El Espectador te rapòte.
“Kòm pitit gason ak sitwayen ayisyen, mwen mande jistis, pa eskiz” se sa Joverlein Moïse deklare nan nòt pou reponn prezidan Gustavo Petro a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022