Jèn Fotojounalis ak Videojounalis ayisyen Steven Aristil jwenn akreditasyon nan men Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon (FIFA) pou al kouvri mondyal medam yo k ap genyen pou fèt nan peyi Australi ak Nouvèl Zeland, soti 20 jiyè pou rive 20 out 2023.
Jounalis la pral reprezante medya MagHaïti ak Télé Variété. Pou Steven Aristil, jwenn akreditasyon pou al kouvri mondyal kote Ayiti ap patisipe pou premye fwa nan kategori sa, se youn nan pi bon nouvèl li te ka jwenn nan karyè li.
“M te di depi Ayiti kalifye fòk mwen ale nan mondyal la pou mwen ale swiv pakou seleksyon an pou m fè yon bagay pou m kite nan achiv peyi a”, deklarasyon jounalis la ki te soumèt demann li an nan kòmansman avril 2023.
Steven Aristil kòmanse nan medya nan lane 2015. 8 lane aprè, malgre tout lòt eksperyans li fè, li konsidere akreditasyon sa tankou yon gwo pa pou karyè li. Anplis lajwa li genyen, li presize tou li santi ti presyon. “M kontan m pral fè yon gwo e bèl eksperyans, men konsa m twouve m gen anpil presyon sou do mwen tou paske mwen pral reprezante tout kòporasyon fotojounalis ayisyen an nan mondyal la”, selon Steven.
Jounalis la fè konnen li gentan jwenn tout dokiman ki nesesè pou avanti sila. Tout preparasyon l ap fè aktyèlman antre nan kad misyon pou li ka vann yon pi bon imaj tou de seleksyon Nasyonal la. “Ofisyèlman m pral jwe wòl fotojounalis nan mondyal la, al fè foto nan match ki ap jwe yo, nan kan antrènman ekip yo, men fokis mwen se sou seleksyon ayisyen an ak jwè ayisyen yo li plis ye pandan mondyal la”, nan sa li fè konnen.
Steven Aristil deklare se pa li menm sèlman ki se Ayisyen ki pral kouvri konpetisyon sila. Li fè konnen tout jounalis yo ap fè preparasyon pou yo ka wè fason y ap vann anpil bon imaj Grenadyè yo nan evènman sila. “Gen plizyè lòt jounalis ayisyen ki dwe ale tou, nou nan ti pale pou nou gade kijan nou kapab fè yon bon kouvèti nan mondyal la epi pou seleksyon ayisyen an tou”.
Steven Aristil se yon jèn gason ki fèt Pòdepè yon 6 novanm. Li genyen diplòm nan jounalis ak kominikasyon. Li kolabore ak medya isit kòm Fotojounalis freelance, videojounalis freelance epi redaktè. Nou ka site kèk medya tankou Radyo Solidarite, Haïti Liberté, Radyo Televizyon Karayib, Rezo Nòdwès, Netalkole Medya, Loop Haïti. Nan mwa jen 2017 li ta pral jwenn yon staj nan Chokarella. “Se lè sa mwen pral deside tout bon mwen ap rete fè miltimedya“, nan presizyon li pote sou karyè li.
Aktyèlman, an Ayiti, jounalis la ap kolabore ak MagHaïti epi Tele Variété. “E nan entènasyonal la, m kolabore ak VOA Kreyòl, ABC News, BBC News, Russia Today, Média Ninja, France24, epi mwen se videojounalis ajans laprès Reuters ak Ruptly an Ayiti”, nan sa Steven Aristil enfòme nou.
Soti 20 jiyè pou rive 20 out, jounalis la pral genyen pou itilize tout eksperyans sa yo li genyen an pou li ka kouvri mondyal medam yo, kote seleksyon ayisyèn nan ap genyen pou patisipe.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023