Aprè l te fin resevwa yon bal mawon nan vant nan zòn Dèlma 19 jou ki te jedi 21 mas la, jounalis espòtif Nerval Pierre Viliat rann dènye souf li sou kabann lopital jodi dimanch 24 mas 2024 la. Daprè Echonews Sport, jounalis la pèdi lavi l malgre l te gentan fè operasyon.
“Nerval pa ansanm avèk nou ankò“, se pawòl sa yo Marc-Adonaï Jean deklare nan yon videyo medya a poste jodi dimanch la. Sepandan, nan deklarasyon l yo li fè konprann malgre jounalis la te sibi operasyon kote yo te retire bal la eta sante l patko fin amelyore, men tout fanmi l te atann l ap geri. Jounalis espòtif la mouri nan lopital inivèsitè Lapè ki chita kò l nan Dèlma 33.
Nerval Pierre Viliat tout moun konnen sou non “Vaval le Sage“, selon Adonaï te gen sèlman 26 lane li te etidye nan Sant Fòmasyon nan Kominikasyon ak Administrasyon (ISNAC), li te prezantatè epi naratè nan Echonews Sport depi jiyè 2023. Mete sou sa
a li te yon pwofesè lekòl tou.
N ap soulinye, nan menm sitiyasyon ensekirite ki gen nan peyi a jèn antrenè baskèt Jhon Germain Exdes te li menm tou pèdi lavi l nan zòn Pòsmachan aprè l te fin resevwa yon bal nan tèt jou jedi ki te 21 mas la.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024