Youri Latortue ak Joseph Lambert se 2 ansyen prezidan Sena nan peyi Dayiti ki ta dwe ale nan prizon sivil Pòtoprens daprè yon òdonans Jij Marthel Jean Claude pran 19 jen 2023 a, selon enfòmasyon ki pataje sou kont fesbouk radyo télé Métronome.
«Pou kounya, òdonans lan ta deja transfere nan pakè Pòtoprens, ki dwe sinifye avèk konsène yo. Pandanstan, 2 ansyen senatè yo gen 30 jou pou fè apèl avèk desizyon jiridik sa osnon yo pral gen pou arete», pou ajoute Métronome ki di li gen yon kopi òdonans lan.
N ap raple Mèt Daniel Jean, ki se pòt pawòl Inite Lit Kont Koripsyon te fè konnen, Youri Latortue dwe parèt devan Tribinal Koreksyonèl nan kad dosye detounman lajan pandan li te nan Sena Repiblik la, pou yon montan ki evalye 2.862.472. 24 goud sou non madanm Carmen Immacula.
Alòske ansyen senatè Youri Latortue ta dwe pran anviwon 3 ak 7 an prizon, tandiske Joseph Lambert ta dwe pran 1 mwa pou rive avèk 3 an prizon selon sa atik 4.5 lwa 12 mas 2014, la fè konnen kòm konsekans pou sila yo ki nan koripsyon.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023