Aprè Etazini te voye sòlda ameriken vin pwoteje anbasad yo a epi pran kèk sitwayen pou kite peyi a, men jounen jodi jedi 21 mas 2024 la, plizyè sòlda kanadyen debake an Ayiti pou vin pwoteje pwòp anbasad yo parapò avèk vyolans k ap vale teren depi 29 fevriye ki sot pase a.
Anbasad Kanada ki chita kò li sou Dèlma 75 lan, gentan gen plizyè sòlda kanadyen ki pran pozisyon sou tèt lokal li pou kontwole li kont tout evantyèl atak bandi ak zam ta ka fè sou li. Anplis, ministè zafè fè etranje nan peyi Kanada mande avèk sitwayen li yo pou enskri nan biwo zafè mondyal Kanada nan lide pou pèmèt yo prepare avèk tout sitiyasyon ijans ki ta vini.
N ap raple, pandan aprèmidi jedi 21 mas la youn nan chèf gang puisan yo, yo rele Ernst Julmé alyas ti Greg tonbe li menm ak plizyè bandi parèy li nan afwontman avèk lapolis nan zòn Dèlma 66. Alòske depi kèk jou chèf gang manm «Viv Ansanm» nan, ti Greg te retounen ale bay pwoblèm nan blòk Dèlma 95 depi aprè l te fin sove nan Penitansye Nasyonal 2 mas pase a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024