Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Gouvènman Kanada a sanksyone twa gwo tèt nan sektè ekonomik peyi Dayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
December 6, 2022
in Société
0
Gouvènman Kanada a sanksyone twa gwo tèt nan sektè ekonomik peyi Dayiti

Minis afè etranjè peyi Kanada Mélanie Joly, anonse jodi lendi 5 desanm 2022 a, nan yon kominike, gouvènman peyi Kanada a pran sanksyon kont Gilbert Gibio, Reynol Deeb epi Sherrif Abdallah.

Sanksyon sa yo vini nan yon fason pou fè presyon sou tout moun ki responsab sitiyasyon peyi Dayiti ap fè fas kounya, daprè kominike a.

«Dènye sanksyon sa yo vize twa(3) manm wo plase nan elit ekonomik nan peyi Dayiti ki se Gilbert Gibio, Reynol Deeb epi Sherif Abdallah, nou mete entèdiksyon sou tranzaksyon yo sa k ap penmèt nou jele tout sa yo ta posede nan peyi Kanada.» daprè sa minis lan fè konnen nan kominike sila a.

Toujou daprè sa Mélanie ekri, li fè konprann peyi l ap dirije ladan l lan gen tout rezon pou kwè Gibio, Deeb, ak Abdallah se twa nan sitwayen enfliyan ki nan zafè ekonomik nan peyi Dayiti, ki pwoteje epi pèmet gang yo jwenn mwayen pou regle zafè ilegal anndan peyi a, gras ak blanchiman lajan epi lòt zak kòripsyon.

«Menm jan gouvènman Kanada a te sanksyone ansyen dirijan politik nan peyi a, jounen lendi 5 desanm sa, minis afè etranjè peyi Kanada Mélanie Joly, anonse non 3 lòt moun sa yo ki ajoute nan lis 8 moun yo te deja sanksyone nan jou pase yo. Desizyon sa yo pran se pou fòse moun ki responsab sitiyasyon vyolans ak enstabilite an Ayiti yo sispann bay gang yo lajan ak zam.»
“Sanksyon peyi Kanada enpoze yo se pou fè presyon sou moun ki responsab vyolans ak enstabilite aktyèl an Ayiti. Moun sa yo dwe sispann bay gang kriminèl yo lajan ak zam an Ayiti”, se sa minis lan soulinye.

Nan yon lòtbò responsab la envite pati politik nan peyi a pou chita kò yo, pou jwenn yon akò politik k ap penmèt nou jwenn bout kriz plizyè fasèt Ayiti ap fè fas la. Nan yon lòtbò, li mande pou kominote entanasyonal a suiv egzanp peyi l la, pou enpoze sanksyone kont gang yo ak tout akolit ki asosye ak yo. Sa yo ki daprè Mélanie se sèl mwayen ki ka mete estabilite, sekirite epi retabli demokrasi nan peyi sa a.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 582
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Pari gagné pour la 9e édition du salon du livre haïtien en France

Next Post

Le Brésil inflige une correction à la Corée du sud et dirige la marée Auriverde vers les quarts

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Le Brésil inflige une correction à la Corée du sud et dirige la marée Auriverde vers les quarts

Le Brésil inflige une correction à la Corée du sud et dirige la marée Auriverde vers les quarts

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,786)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,990)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,156)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,910)

Nouveaux Articles

  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la
  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?